Publicidade

Zacarias 10

1 Mande pou 10:1 Jl 2:23 lapli ki sòti

nan SENYÈ a nan epòk prentan.

Se SENYÈ a ki 10:1 Jr 10:13nwaj tanpèt yo;

epi se Li ki bay lapli lejè a tout

pou jaden plant yo.

2 Paske 10:2 Éz 21:21 zidòl lakay yo pale inikite;

10:2 Jr 27:9 divinò yo k ap vizyon ki pa vrè,

ke yo repete kòn fo rèv.

Yo bay rekonfò an ven.

Konsa, pèp la mache egare tankou mouton;

yo aflije akoz yo pa gen bèje.

3 Kòlè 10:3 Jr 25:34-36 Mwen limen kont bèje yo.

Mwen va pini mal kabrit yo,

paske SENYÈ dèzame yo te 10:3 Éz 34:12vizite

bann mouton li an lakay Juda,

e Li va yo vin tankou cheval

majeste Li nan batay la.

4 De li menm, va vin parèt 10:4 Luc 20:17wòch ang lan,

de li menm, pikèt tant lan,

de li menm, banza batay la,

de li menm, tout wa yo ansanm.

5 Yo va tankou mesye pwisan yo,

k ap 10:5 II Sam 22:43foule lènmi yo anba pye yo,

nan labou lari a nan batay la.

Yo va goumen, paske SENYÈ a va avèk yo;

epi sila ki monte sou cheval yo va anbwouye.

6 Mwen va ranfòse lakay Juda a, Mwen va

sove lakay Joseph la, e

mwen va 10:6 Za 8:8 yo retounen;

paske Mwen gen 10:6 És 54:8konpasyon pou yo.

Konsa, yo va vin konsi Mwen pa t janm rejte yo,

paske Mwen se SENYÈ a, Bondye yo,

e mwen va reponn yo.

7 Éphraïm va vin tankou yon gwo nonm pwisan

e yo va kontan konsi se ak diven.

Anverite, pitit yo va sa,

e yo va kontan,

yo va rejwi nan SENYÈ a.10:7 És 54:13

8 Mwen va soufle pou yo

pou yo kab vin rasanble yo,

paske Mwen te rachte yo.

Konsa, yo va vin 10:8 Jr 33:22anpil,

10:8 Éz 36:11 jan yo te ye oparavan an.

9 Mwen gaye yo pami lòt pèp yo,

yo va 10:9 I Wa 8:47,48sonje Mwen nan peyi lwen yo.

Yo va viv ak pitit yo,

e yo va retounen.

10 Mwen va mennen yo retounen

soti nan peyi Égypte la,

e rasanble yo soti Assyrie.

Mwen va mennen yo antre nan peyi

10:10 Jr 50:19 Galaad ak Liban jiskaske 10:10 És 49:19,20 pa gen espas pou yo.

11 Li va pase nan 10:11 És 51:9,10 lanmè afliksyon an,

e Li va frape lanm lanmè yo,

jiskaske tout pwofondè 10:11 És 19:5-7 Rivyè Nil lan vin sèch.

Epi ògèy Assyrie va vin bese e

baton Égypte la va sòti.

12 Mwen va ranfòse yo nan SENYÈ a.

Nan non pa Li, yo va mache monte desann" deklare SENYÈ a.10:12 Mi 4:5

Veja também

Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-07-05_19-25-13-