Pular para o conteúdo
Publicidade

Jonas 2

1 Konsa, Jonas te priye a SENYÈ Bondye li a depi 2:1 Job 13:15 nan vant pwason an. 2 Li te di:

"Mwen te rele nan detrès mwen bay SENYÈ a,

e Li te reponn mwen.

Mwen te kriye pou sekou

depi nan pwofondè 2:2 Sòm 18:5,6sejou yo.

Ou te tande vwa mwen.

3 Ou te 2:3 Sòm 69:1,2,14,15jete mwen nan gwo pwofondè a,

nan lanmè yo,

e gwo kouran dlo a te vale mwen.

Gwo lam lanmè ou yo ak gwo vag lanmè

ou yo te pase sou mwen.

4 Konsa, mwen te di: Mwen te 2:4 Sòm 31:22vin chase lwen fas ou.

Malgre sa, mwen va gade ankò tanp sen Ou an.

5 2:5 Lam 3:54 Dlo te antoure mwen

jiskaske m rive nan pwen lanmò.

Gwo 2:5 Sòm 69:1-2pwofondè a te vale mwen;

zèb lanmè yo te vlope tèt mwen.

6 Mwen te desann jis rive nan baz mòn yo.

Latè ak bawo li yo te antoure mwen pou tout tan,

men Ou te 2:6 Job 33:28leve lavi m monte soti nan fòs la,

O SENYÈ Bondye mwen an!

7 "Pandan mwen t ap 2:7 Sòm 142:3 vin endispoze nèt,

Mwen te 2:7 Sòm 77:10,11sonje SENYÈ a

e lapriyè mwen te rive kote Ou nan tanp sen Ou an.

8 Sila ki 2:8 II Wa 17:15konsidere zidòl san valè yo

abandone tout sous mizerikòd,

9 Men mwen va sakrifis a Ou menm

ak vwa aksyon de gras la.

Sa ke mwen te sèmante a, se li mwen va 2:9 Job 22:27akonpli.

2:9 Sòm 3:8 Sali a sòti nan SENYÈ a."

10 Epi SENYÈ a te kòmande 2:10 Jon 1:17pwason an

e li te vomi Jonas sou sèch la.

Veja também