19 Konsa, lè l fènwa nan menm jou sa a, premye jou nan semèn nan, lè pòt yo te fèmen kote disip yo te ye a, akoz laperèz a Jwif yo, Jésus te vini epi kanpe nan mitan yo. Li te di yo: 20:19 Luc 24:36"Lapè avèk nou." 20 E lè Li te di sa, 20:20 Luc 24:39-40Li te montre yo tou de men li yo, ak akote li. Pou sa, disip yo te rejwi lè yo te wè Senyè a.
21 Pou sa, Jésus te di yo ankò: "Lapè avèk nou. 20:21 Jn 17:18Kon Papa a te voye M nan, osi, Mwen voye nou."
22 E lè Li te di sa, li te soufle sou yo e te di yo: "Resevwa Lespri Sen an.
23 20:23 Mat 16:19 "Si nou padonnen peche a nenpòt moun, peche yo ap gen tan padonnen. E si nou kenbe peche a nenpòt moun, y ap kenbe."