1 Men Jésus te ale nan 8:1 Mat 21:1Mòn Oliv la. 2 Gran maten a Li te vini ankò nan tanp lan, e tout pèp la t ap vin kote Li. E 8:2 Mat 26:55Li te chita, pou kòmanse enstwi yo. 3 Skrib yo ak Farizyen yo te mennen yon fanm ki te kenbe nan adiltè e te fè l chita nan mitan yo.
4 Yo te di Li: "Mèt, fanm sa te kenbe nan adiltè, nan zak la menm. 5 Epi nan Lalwa 8:5 Lev 20:10Moïse la, li te kòmande nou pou nou te lapide yon fanm konsa ak wòch. Kisa ou menm di?" 6 Yo t ap di sa pou yo ta kapab 8:6 Mat 16:1sonde l pou yo ta twouve mwayen pou akize Li. Men Jésus te bese, e te ekri atè a avèk dwat Li.
7 Men lè yo te pèsiste avèk demann sa a, Li te leve dwat epi te reponn yo: 8:7 Det 17:7"Sila a ki pa gen peche pami nou, kite l se premye moun pou voye yon wòch sou li." 8 Ankò Li te bese e te kòmanse ekri atè a.
9 Lè yo tande sa, yo te kòmanse kite kote a youn pa youn. Sa te kòmanse avèk pi granmoun pami yo. Konsa, yo te kite Li la pou kont Li avèk fanm nan ki te rete menm kote li te ye a nan mitan lakou a. 10 Jésus te leve, e te di li: "Fanm, kote yo ye? Nanpwen youn ki kondane ou?" 11 Li te di: "Pa youn, Senyè." Jésus te di 8:11 Jn 3:17"Ni Mwen menm, mwen pa kondane ou nonplis. Ale, epi depi koulye a, 8:11 Jn 5:14pa peche ankò."