1 Pandan Li t ap pase, Li te wè yon nonm ki te avèg depi nesans Li.
2 Konsa, disip Li yo te mande: "Rabbi, kilès ki te peche. Mesye sa, oswa 9:2 Egz 20:5paran li yo pou li ta fèt avèg?"
3 Jésus te reponn: "Se pa mesye sila, ni paran li yo. Men se te 9:3 Jn 11:4pou zèv a Bondye ta kapab parèt nan Li. 4 Fòk nou fè zèv a Li menm ki te voye M nan 9:4 Jn 7:33pandan li fè jou. Lannwit lan ap vini lè pèsòn p ap kab travay. 5 Pandan Mwen nan lemonn, Mwen se 9:5 Mat 5:14limyè lemonn."
6 Lè L di sa, Li 9:6 Mc 7:33krache atè, e te fè ajil avèk krache a, e te mete l sou zye li. 7 Li te di l: "Ale lave nan 9:7 Né 3:15basen Siloé a" (ki te vle di "Ranvoye").
Epi konsa, li te ale lave, e lè l tounen, li te wè.
8 Vwazen yo ak sa yo ki te konn wè l lè l te konn mande charite, t ap di, "Se pa li menm ki te konn 9:8 Trav 3:2-10chita mande a?"
9 Lòt t ap di: "Se li menm", men lòt toujou te di "Non, men li byen sanble li".
Li menm t ap di toujou, "Mwen menm se li".
10 Pou sa yo te di li: "Ebyen, kijan zye ou te louvri?"
11 Li te reponn yo: "Nonm nan yo rele Jésus a te fè labou epi te fè yon onksyon pou zye m, epi Li di mwen: ‘Ale nan 9:11 Jn 9:7Siloé a epi lave’. Konsa, Mwen te ale lave, epi mwen te wè."
12 Yo te mande li: "Kote Li?"
Li te reponn yo: "Mwen pa konnen".