Pular para o conteúdo
Publicidade

Jij Yo 13

1 Fis Israël yo 13:1 Jij 2:11ankò te mal nan zye SENYÈ a. Pou sa, SENYÈ a te livre yo nan men a Filisten yo pandan karant ane. 2 Te gen yon sèten nonm nan 13:2 Jos 19:41Tsorea nan fanmi Danit yo, ki te rele Manoach. Madanm li te esteril e li pa t janm pitit. 3 Konsa, 13:3 Jij 6:11-14zanj SENYÈ a te parèt a fanm nan e te di li: "Gade byen, koulye a, ou esteril e ou pa janm pitit, men ou va vin ansent pou bay nesans a yon fis. 4 Konsa, atansyon pou pa bwè diven, oswa okenn bwason , ni manje anyen ki pa pwòp. 5 Paske, gade byen, ou va vin ansent e bay nesans a yon fis. Nanpwen razwa k ap vini sou tèt li. Paske gason an va yon 13:5 Nonb 6:2-5Nazareyen pou Bondye depi nan vant. Li va kòmanse delivre Israël soti nan men a Filisten yo."

6 Epi fanm nan te vin pale mari li. Li te di: 13:6 Jij 8:11"Yon nonm Bondye te vin kote m; aparans li te tankou aparans a yon zanj Bondye, byen mèvèye. Epi mwen pa t mande li kote li te sòti, ni li pa t di mwen non li. 7 Men li te di mwen: Gade byen, ou va vin ansent pou bay nesans a yon fis. Soti koulye a, ou p ap bwè diven ni bwason , ni manje anyen ki pa pwòp, paske gason an va yon Nazareyen a Bondye soti nan vant jis rive jou ke li mouri an."

8 Alò, Manoach te priye a SENYÈ a. Li te di: "O SENYÈ, souple kite 13:8 Jij 13:3-7nonm Bondye ke Ou te voye vin kote nou an ankò pou l kapab enstwi nou kisa pou nou pou gason k ap vin fèt la."

9 Bondye te koute vwa a Manoach, epi 13:9 Jij 13:8zanj Bondye a te vini ankò fanm nan pandan li te chita nan chan an. Men Manoach, mari li a, pa t avè l. 10 Konsa, fanm nan te kouri vit di mari li: "Gade byen, 13:10 Jij 13:9 nonm ki te vini lòt jou a te parèt devan m."

11 Konsa, Manoach te leve swiv fanm li an e li te vin kote nonm nan, li te di li: "Èske ou se 13:11 Jij 13:8 nonm Bondye ki te pale avèk fanm mwen?"

Epi li te di: "Mwen se li".

12 Manoach te di: "Alò, pawòl ou yo vin akonpli, kijan de vi ak vokasyon gason sila a va genyen?"

13 Konsa, nonm Bondye a te di a Manoach: 13:13 Jij 13:4 "Kite fanm nan byen okipe tout sa ke m te di li yo. 14 Li pa dwe manje anyen ki sòti nan 13:14 Nonb 6:4chan rezen, ni bwè diven, ni bwason , ni manje okenn bagay ki pa pwòp. Kite li swiv tout sa ke m te kòmande yo."

15 Manoach te di a 13:15 Jij 13:3zanj SENYÈ a: "Souple, pèmèt nou ou yon ti reta pou nou kab prepare yon jenn kabrit pou ou."

16 Zanj SENYÈ a te di a Manoach: "Malgre ou m reta a, 13:16 Jij 6:20mwen p ap manje manje ou. Men si ou prepare yon ofrann brile, alò, ofri li bay SENYÈ a." Paske Manoach pa t konnen ke li te yon zanj SENYÈ a.

17 Manoach te di a zanj SENYÈ a: 13:17 Jen 32:29"Kòman yo rele ou, dekwa ke pawòl ou yo vin rive pou nou kapab onore ou?"

18 Men zanj SENYÈ a te di li: "Poukisa ou mande m non mwen, akoz nou li depase konnesans?"

19 Konsa, 13:19 Jij 6:20-21Manoach te pran jenn kabrit la avèk ofrann sereyal la pou te ofri li sou wòch SENYÈ a. Epi Li menm, zanj SENYÈ a, te mèvèy pandan Manoach avèk madanm li t ap gade. 20 Konsa, li te vin rive ke flanm nan te monte sou lotèl la syèl la, ke zanj SENYÈ a te monte nan flanm lotèl la. Manoach avèk madanm li te sa, yo te 13:20 Lev 9:24tonbe atè sou figi yo. 21 Alò, zanj SENYÈ a pa t vin parèt a Manoach ni madanm li ankò. 13:21 Jij 13:16Konsa, Manoach te vin konnen ke se te zanj SENYÈ a ke li te ye. 22 Epi Manoach te di a madanm li: "Anverite, 13:22 Jen 32:30 n ap mouri, paske nou te Bondye."

23 Men madanm li te di li: "Si SENYÈ a te vle touye nou, Li pa t ap aksepte ofrann brile avèk ofrann sereyal la soti nan men nou, ni Li pa t ap 13:23 Sòm 25:14montre nou tout bagay sila yo, ni Li pa t ap kite nou tande tout bagay sa yo konsa nan moman sa a." 24 Fanm nan te bay nesans a yon fis e li te rele li Samson. 13:24 I Sam 3:19Pitit la te vin gran e SENYÈ a te beni li. 25 Lespri SENYÈ a te kòmanse vire nan li nan kan Dan nan, antre Tsorea ak Eschthaol.

Veja também