Pular para o conteúdo
Publicidade

Lucas 19

1 Li te 19:1 Luc 18:35antre Jéricho e t ap travèse.

2 La te gen yon mesye yo te rele Zachée. Li te chèf a kolektè kontribisyon yo, e li te rich. 3 Zachée t ap efò pou ta kab kilès Jésus te ye, paske li te piti nan tay. 4 Donk li te kouri devan yo, e li te monte yon pyebwa ki rele19:4 I Wa 10:27sikomò pou l ta kapab Li, paske Li te gen pou pase pa la.

5 Jésus te rive nan lye a, Li te gade anlè, e te di: "Zachée, vit desann, paske jodi a fòk Mwen rete lakay ou."

6 Li te kouri desann, e te resevwa Li avèk jwa.

7 yo te sa, yo tout te kòmanse plenyen pou di: "Li vin rete lakay a yon pechè."

8 Zachée te kanpe e te di a Senyè a: "Gade byen, Senyè, menm mwatye sa ke m posede, m ap bay a malere yo, e si m te twonpe nenpòt moun de nenpòt bagay, mwen va remèt 19:8 Egz 22:1kat fwa sa."

9 Jésus te di li: "Jodi a delivrans gen tan vini nan kay sa a, paske li menm tou, se 19:9 Luc 3:8yon fis Abraham. 10 Paske 19:10 Mat 18:11Fis a Lòm nan vini pou chache e sove sa ki te pèdi."

11 Pandan yo t ap koute bagay sa yo, Li te kontinye bay yon parabòl, akoz ke 19:11 Luc 9:51Li te toupre Jérusalem, e yo te sipoze ke 19:11 Luc 17:20wayòm a Bondye a t ap parèt imedyatman. 12 Akoz sa a, Li te di: 19:12 Mat 25:14-30"Yon sèten prens te vwayaje nan yon peyi byen lwen pou resevwa yon wayòm pou li menm, e answit, pou li retounen. 13 Konsa, li te rele dis nan esklav li yo, e te bay yo dis min, e te di yo: "biznis avèk sa jiskaske Mwen retounen.

14 "Men sitwayen li yo te rayi li, e yo te voye yon delegasyon dèyè l pou di: Nou pa vle nonm sa renye sou nou.

15 "l te retounen, apre li te resevwa wayòm nan, li te kòmande ke esklav sa yo ke li te bay kòb la, vin kote l pou li ta kapab konnen ki biznis yo te reyisi .

16 "Premye a te parèt e te di: Mèt, min ou an dis min anplis."

17 "Li te di li: Trè byen fèt, bon esklav! Akoz ke ou 19:17 Luc 16:10fidèl nan yon ti bagay tou piti, vin pran otorite sou dis vil.

18 "Dezyèm nan te vini, e te di: Min ou an Mèt, li senk min anplis. 19 Li te di li osi: E w ap vin responsab senk vil.

20 "Yon lòt te vini e te di: Mèt, men min ou an ke m te konsève nan yon mouchwa; 21 paske mwen te ou, akoz ke ou menm se yon moun trè egzijan. Ou ranmase sa ke ou pa t depoze, e rekòlte sa ke ou pa t simen.

22 "Li te di li: "Esklav mechan, pa pwòp pawòl ou, mwen va jije ou. Èske ou pa t konnen ke m se yon moun egzijan, ke m ranmase sa ke m pa t depoze, e rekòlte sa ke m pa t simen? 23 Alò, poukisa ou pa t mete kòb la labank, e m te vini, mwen ta twouve li avèk enterè?

24 "Answit li te di a sila ki te kanpe la yo, Tou pran min li an, e bay li a sila ki gen dis la.

25 "Men yo te di li: Mèt, li gen dis deja.

26 19:26 Mat 13:12 "Mwen di nou ke a tout moun ki gen, plis y ap resevwa, men a sila a ki pa genyen an, menm sa ke li genyen an va pran nan men l.

27 "Men 19:27 Luc 19:4lènmi M sa yo ki pa t vle M renye sou yo a, mennen yo isit la, e touye yo nan prezans mwen."

28 L fin pale bagay sa yo, Li 19:28 Mc 10:32te pran devan pou monte Jérusalem.

29 19:29 Mat 21:1-9 L te pwoche Bethphagé ak Béthanie, toupre mòn ki rele Mòn Oliv la, Li te voye de nan disip Li yo devan. 30 Li te di: "Ale nan vil anfas ou a. La, pandan nou ap antre, nou va twouve yon jenn bourik, sou li, moun poko monte menm. Demare l, mennen l vin isit la. 31 Si Nenpòt moun mande nou poukisa nou ap demare li, se konsa nou va reponn: Senyè a gen bezwen li."

32 Donk sila ki te voye yo te ale, e yo te twouve li jan ke li te di yo a.

33 Pandan yo t ap demare jenn bourik la, mèt li te mande yo: "Poukisa nou ap demare jenn bourik la?"

34 Yo te di: "Senyè a gen bezwen li."

35 19:35 Mat 21:4-9 Yo te mennen l kote Jésus, epi yo te voye rad pa yo sou bourik la, e te mete Jésus sou li.

36 Pandan li t ap prale, yo t ap ouvri rad yo sou wout la.

37 L t ap pwoche toupre kote pou desann Mòn Oliv la, tout foul disip yo te kòmanse 19:37 Luc 18:43louwe Bondye avèk jwa e avèk yon gran vwa, pou tout mirak ke yo te yo. 38 Yo t ap rele: 19:38 Sòm 118:26"Beni se Wa a ki vini nan non Senyè a! Lapè nan syèl la, avèk glwa nan trè wo a!"

39 19:39 Mat 21:15 Kèk nan Farizyen yo ki te nan foul la, te di Li: "Mèt, reprimande disip ou yo!"

40 Men Li te reponn e te di: "Mwen di nou, si sila yo rete an silans, 19:40 Hab 2:11menm wòch yo va pran rele."

41 l te pwoche Jérusalem Li te vil la e Li te komanse 19:41 Luc 13:34-35kriye sou li. 42 Li t ap di: "Si ou te konnen nan jou sa, menm ou menm, bagay ki konn lapè! Men koulye a, bagay sa yo kache de zye ou.

43 "Paske jou yo ap vini sou ou lènmi ou yo va 19:43 Ekl 9:14monte yon barikad devan ou, antoure ou, e kwense nou ladann tout kote. 44 Konsa, yo va raze ou a nivo latè avèk zanfan ou tout ladann. Ni 19:44 Mat 24:2yo p ap kite nan ou menm yon wòch sou yon lòt, akoz ke ou pa t rekonèt ou te vizite a."

45 19:45 Jn 2:13-16 Jésus te antre nan tanp lan e te kòmanse pouse mete deyò sila ki t ap vann yo, 46 Li te di yo: "Li ekri. 19:46 És 56:7Lakay Mwen va yon kay lapriyè, men nou l vin yon kav vòlè."

47 Chak jou Li t ap 19:47 Mat 26:55enstwi nan tanp lan, men chèf prèt ak skrib yo avèk direktè yo pami pèp la t ap eseye detwi Li. 48 Men yo pa t kab twouve anyen ke yo ta kab , paske tout pèp la t ap akwoche sou chak pawòl Li te pale.

Veja também