1 Mwen se moun ki te 3:1 Sòm 88:7-16wè afliksyon
akoz baton kòlè Li a.
2 Li te mennen mwen,
e te fè m mache nan 3:2 Job 30:26tenèb,
pa nan limyè.
3 Anverite, li te 3:3 Sòm 38:2vire men L kont mwen
plizyè fwa, tout jounen an.
4 Li te fè chè m ak po m vin epwize sòti sou mwen,
Li te 3:4 Sòm 51:8kase zo m yo.
5 Li te 3:5 Job 19:8jennen mwen e te antoure m
ak ametim ak difikilte.
6 Nan kote ki 3:6 Sòm 88:5-6fènwa, li te fè m abite,
tankou sila ki fin mouri lontan yo.
7 Li te 3:7 Job 3:23antoure m anndan pou m pa ka sòti.
Li te fè chenn mwen an byen lou.
8 Menm lè m kriye e rele sekou,
Li 3:8 Job 30:20fèmen lapriyè m deyò.
9 Li te 3:9 És 63:17bloke wout mwen yo ak wòch taye.
Li te fè chemen mwen yo vin kwochi.