Pular para o conteúdo
Publicidade

Marc 11

1 11:1 Mat 21:1-9 Pandan yo t ap pwoche Jérusalem, nan Bethphagé avèk Béthanie, toupre mòn Oliv la, Li te bay komisyon a de nan disip Li yo. 2 Li te di yo: "Ale nan bouk ki anfas nou an. Pandan n ap antre, nou ap twouve yon ti bourik mare, ki poko menm monte. Demare li e mennen l isit la. 3 Si yon moun di nou: Poukisa n ap sa?, di l: Senyè a gen bezwen li. Konsa, l ap voye l vini isit la."

4 Yo te ale, e te twouve yon ti bourik mare toupre pòt la, deyò nan lari a, e yo te demare li.

5 Konsa, kèk nan sila ki te la yo t ap di yo: "Kisa nou ap la a? N ap demare ti bourik la?"

6 Yo te pale yo jan Jésus te di a, e yo te bay yo dwa pran l.

7 Yo te 11:7 Mat 21:4-9pote ti bourik la bay Jésus. Yo te mete vètman yo sou li, e Li te chita sou li.

8 Konsa, anpil moun te tann vètman yo sou wout la, e lòt t ap poze branch fèy yo te koupe nan chan sou wout la. 9 Sila ki te ale devan yo ak sila ki t ap swiv yo, t ap kriye : "Ozana! 11:9 Sòm 118:26Beni se Sila a ki vini nan non SENYÈ a! 10 Beni se wayòm zansèt nou David, k ap vini an! Ozana 11:10 Mat 21:9nan pi wo a!"

11 11:11 Mat 21:12 Jésus te antre Jérusalem e te antre nan tanp lan. Li te fin gade sou tout bagay, 11:11 Mat 21:17Li te kite la pou Béthanie avèk douz yo akoz ke a te deja .

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também