3 Epi yo te pote bay Li yon paralitik ki te pote pa kat mesye. 4 Yo pa t kab rive bò kote L akoz foul la. Konsa, yo te retire twati kay la, e lè yo te fin fouye yon twou, yo te lonje palèt la desann sou li avèk mesye paralize ki te kouche a.
5 Jésus, lè L te wè lafwa yo, te di a paralitik la: "Fis Mwen, peche ou yo padone."
6 Men te gen kèk nan skrib yo ki te chita la ki te rezone nan kè yo: 2:6 Luc 6:10 7 "Poukisa nonm sa a pale konsa? L ap blasfeme; 2:7 És 43:25kilès sof ke Bondye sèl ki kab padone peche?"
8 Epi nan menm moman an, Jésus, okouran nan lespri Li ke yo t ap refleshi konsa, te di yo: "Poukisa nou ap rezone sou bagay sa yo konsa nan kè nou? 9 Kisa ki pi fasil pou di a paralitik la: ‘Peche ou yo padone’, oubyen leve pran palèt ou e mache?’ 10 Men pou nou ka konnen ke Fis a Lòm nan gen otorite sou latè pou padone peche yo" —Li te di a paralitik la: 11 "Mwen di ou leve, pran palèt ou e ale lakay ou."
12 Byen vit, li te leve, pran palèt li, e te sòti deyò devan tout moun. Yo tout te etone. Yo t ap 2:12 Mat 9:8bay glwa a Bondye. Yo t ap di: 2:12 Mat 9:33"Nou pa janm wè yon bagay konsa".