Pular para o conteúdo
Publicidade

Marcos 5

1 5:1 Mat 8:28-34 Yo te vini lòtbò lanmè a nan peyi Gadarenyen yo. 2 Li te fin sòti nan 5:2 Mc 3:9kannòt la, lapoula yon mesye avèk yon move lespri ki sòti nan tonm yo te rankontre Li. 3 Li t ap viv pami tonm yo, e pèsòn pa t kab mare l ankò, menm avèk yon chèn. 4 Paske li te konn mare souvant avèk gwo avèk chèn nan pye li. Chèn yo te konn vin chire separe nèt pa fòs li, e yo te kase an mòso. Pèsòn pa t kab donte l. 5 Konsa, tout tan, lajounen kon lannwit, pami tonm yo ak nan mòn yo, li t ap kriye e t ap blese l avèk wòch.

6 l Jésus a distans, li kouri pwoche L pou l bese devan L. 7 Li te kriye avèk yon vwa , e te di: 5:7 Mat 8:29"Kisa m gen avè w Jésus, Fis a 5:7 Luc 8:28Bondye Pi Wo a? Mwen sipliye Ou pa Bondye, pa toumante mwen!"

8 Paske Li t ap di a li menm: "Sòti nan mesye sa a, ou menm move lespri a!" 9 Konsa, Li te mande l: "Kòman yo rele ou?"

Li te di L: "Yo rele m 5:9 Mat 26:53Lejyon, paske nou anpil." 10 Li te kòmanse sipliye Li seryezman pou Li pa voye yo deyò peyi a.

11 Konsa, te gen yon gwo bann kochon ki t ap manje la nan mòn nan. 12 Tout move lespri yo te sipliye Li e te di: "Voye nou nan kochon yo pou nou kapab antre nan yo". 13 Jésus te bay yo pèmisyon. Konsa nan sòti a, move lespri yo te antre nan kochon yo, e bann nan te kouri desann pant falèz mòn nan, jouk rive nan lanmè. Te gen anviwon de-mil nan yo, e yo te mouri nan dlo lanmè a.

14 Konsa, gadyen yo te kouri kite lye a, e te bay rapò sa nan vil la, tankou andeyò. E moun yo te vini pou sa ki te rive a. 15 Yo te vin kote Jésus e yo te mesye ki te konn gen move lespri a byen chita, byen abiye 5:15 Luc 8:35avèk tout bon lespri li. Se te menm moun ki te gen 5:15 Mc 5:9"Lejyon an", e yo te vin gen krent. 16 Konsa, sila ki te l yo, te pale ak yo sou jan sa te rive 5:16 Mat 4:24mesye move lespri a, ak tout afè kochon yo. 17 E yo te kòmanse 5:17 Mat 8:34sipliye L pou L kite landwa sa a.

18 5:18 Luc 8:38-39 Pandan Li t ap antre nan kannòt la, mesye ki te gen move lespri a te sipliye L pou l ta kapab ale avèk Li. 19 Men Li pa t kite L ale, men te di li: 5:19 Luc 8:39"Ale lakay moun ou yo e bay yo rapò sou ki gran bagay SENYÈ a te pou ou, ak jan Li te ou gras." 20 Li te sòti, e te kòmanse 5:20 Sòm 66:16pwoklame nan 5:20 Mat 4:25Decapolis ki kalite bon bagay Jésus te pou li, e tout moun te etone.

Veja também