22 Lè 6:22 Mat 14:3fi a Hérodias la te vini pou kont li e te danse, li te fè Hérode kontan ak tout vizitè li yo nan fèt la. Konsa Wa a te di fi a: "Mande mwen nenpòt sa ou vle, e m ap bay ou li". 23 Li te sèmante a li menm: "Nenpòt sa ou vle, m ap bay ou li, 6:23 Est 5:3-6jiska mwatye wayòm mwen an".
24 Konsa, li te ale deyò e te mande manman l: "Kisa mwen dwe mande?" Epi li te di l: "Tèt a Jean Baptiste".
25 Lapoula, li te vini avèk vitès devan Wa a avèk yon demann. Li te di: "Mwen vle ke ou ban mwen koulye a menm, tèt a Jean Baptiste sou yon plato".
26 Malgre ke Wa a te byen tris akoz sèman an, men akoz vizitè li yo, li pa t gen kouraj pou l refize l. 27 Imedyatman Wa a te voye yon gad avèk lòd pou vini avèk tèt li. Li te ale, e te fè yo koupe tèt li nan prizon an. 28 Konsa yo te pote tèt li sou yon plato pou te bay fi a, e fi a te bay li a manman l.