Publicidade

Malaquias 2

1 "Alò, koulye a, prèt yo, lòd sa a se pou nou. 2 Si nou 2:2 Lev 26:14,15pa koute e si nou pa pran sa a pou bay lonè a non Mwen", pale SENYÈ dèzame yo, "alò, Mwen va voye malediksyon sou nou, e Mwen va benediksyon nou yo vin tounen malediksyon. Anverite, Mwen fin modi yo deja, akoz nou pa pran sa a . 3 Gade byen, Mwen va repwòch nou rive jis sou desandan nou yo, e Mwen va gaye poupou sou figi nou, menm poupou a festen nou yo; epi nou va vin disparèt ansanm avè l.2:3 Lev 26:16 4 Konsa, nou va konnen ke Mwen te voye lòd sa a bannou, pou 2:4 Nonb 3:11-13,45akò Mwen an kapab kontinye ak Lévi", pale SENYÈ dèzame yo. 5 "Akò Mwen an avèk li se te akò pou lavi ak lapè. Mwen te bay li yo pou li ta kab vin gen lakrent anvè M; epi konsa, li te krent Mwen e te vin gen gwo lakrent pou non Mwen.2:5 Nonb 25:7,8,13 6 2:6 Sòm 119:142,151,160Lalwa verite a te nan bouch li, e inikite pa t janm sou lèv li. Li te mache avè M nan lapè ak ladwati, e li te 2:6 Jr 23:22 detounen anpil moun soti nan inikite. 7 Paske lèv a yon prèt dwe gade 2:7 Lev 10:11konesans, e moun ta dwe 2:7 Nonb 27:21 chache lalwa soti nan bouch li. Paske li se mesaje a SENYÈ dèzame yo. 8 Men pou nou menm, nou te detounen kite chemen an. Nou te koze anpil moun 2:8 Jr 18:15chite nan lalwa a. Nou te dezonore akò Lévi a," pale SENYÈ dèzame yo. 9 "Akoz sa 2:9 Na 3:6Mwen te nou vin meprizab tou, e vin 2:9 Éz 7:26 imilye devan tout pèp la, akoz nou pa t gade chemen Mwen yo, men nou te nan patipri nan lalwa a. 10 Èske se pa 2:10 És 63:16yon sèl papa nou genyen? 2:10 Trav 17:24 Èske se pa yon sèl Bondye a ki te kreye nou? Poukisa nou chak ap trayi pwòp frè nou, nan pwofane akò a papa zansèt nou yo? 11 Juda te aji nan 2:11 Jr 3:7-9enfidelite, e yon abominasyon te fèt an Israël ak Jérusalem; paske Juda te 2:11 Esd 9:1,2 pwofane sanktyè a SENYÈ a, ke li renmen, e te vin marye ak fi a yon dye etranje. 12 SENYÈ a va koupe retire nonm nan ki sa a, sila ki leve e sila ki reponn nan, soti nan tant a Jacob yo, oswa sila ki prezante ofrann a SENYÈ Dèzame yo.2:12 Jr 11:14

13 "Men yon lòt bagay nou : nou kouvri lotèl SENYÈ a ak dlo k ap sòti nan zye nou, nan kriye ak plenyen, akoz 2:13 Jr 11:14Li pa konsidere ofrann yo ankò, ni aksepte yo ak favè ki soti nan men nou. 14 Malgre sa, nou di: Pou ki rezon?Paske SENYÈ a te yon temwen antre nou menm 2:14 És 54:6ak madanm jenès nou an, kont sila nou te 2:14 Jr 9:2 aji an trèt la, malgre li se konpanyen e madanm nou selon akò nou an. 15 Éske Li pa t nou youn sèl? Malgre, se te li ki te gen retay Lespri a. Pouki sa youn sèl? Li t ap chache 2:15 Rt 4:12desandan ladwati a. Alò, veye lespri nou byen ke pèsòn pa 2:15 Egz 20:14 aji an trèt kont madanm jenès li a. 16 Youn ki rayi epi2:16 Det 24:1divòse", pale SENYÈ a, Bondye Israël la, "kouvri vètman li ak vyolans lan," pale SENYÈ a. "Pou sa, veye lespri nou byen, ke nou pa enfidèl.

17 "Nou te fatige SENYÈ a ak pawòl nou yo. Malgre sa, nou di: Nan kisa nou te fatige Li a?Paske n ap di: 2:17 És 5:20Tout moun k ap mal, bon nan zye SENYÈ a, e Li 2:17 Job 9:24 pran plezi nan yo;oswa Kote Bondye jistis la ye?"

Veja também

Malaquias
Ver todos os capítulos de Malaquias
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-07-05_19-25-13-