3 Li te pale anpil bagay avèk yo an 13:3 Mat 13:10parabòl konsa: "Gade byen, yon moun ki t ap plante, te ale deyò pou simen grenn. 4 Pandan li t ap simen, kèk grenn te tonbe akote wout la, e zwazo te vin manje yo. 5 Gen lòt ki te tonbe kote ki plen wòch kote te manke tè, epi yo te leve byen vit pwiske tè a te manke pwofondè. 6 Men lè solèy la vin leve, yo te vin sèch; akoz ke yo te manke rasin, yo te vin fennen. 7 Lòt te tonbe pami pikan e pikan yo te leve toufe yo. 8 Lòt te tonbe nan bon tè kote yo te bay yon bon rekòlt; kèk miltipliye 13:8 Jen 26:12san fwa, kèk swasant fwa, e kèk trant fwa.