1 21:1 Mc 11:1-10 Lè yo te pwoche Jérusalem pou rive kote Bethphagé nan Mòn Oliv la, Jésus te voye de nan disip li yo, 2 epi te di yo: "Ale nan vilaj anfas nou an, epi nou va twouve yon bourik ki mare la avèk pitit li. Demare yo, e mennen yo ban Mwen. 3 Epi si yon moun di nou yon bagay, nou va di li konsa: ‘Senyè a gen bezwen yo’, epi lapoula, l ap voye yo."
4 21:4 Mc 11:7-10 Tout sa te fèt pou sa ki te pale pa pwofèt la ta kapab akonpli, lè li te di:
5 21:5 És 62:11 "Pale a fi Sion an,
Men gade, Wa ou ap vin kote ou,
dou, e monte sou yon bourik,
yon jenn bourik, Pitit a yon bèt ki pote chaj".
6 Epi disip yo te ale fè tout sa Li te mande yo. 7 Konsa yo te mennen bourik la avèk Pitit li a e te mete vètman yo, epi konsa, sou vètman yo Li te chita.
8 Pifò nan foul la te 21:8 II Wa 9:13plase vètman yo louvri sou wout la, e kèk lòt t ap koupe branch nan bwa yo pou plase sou wout la.
9 Foul la ki te ale devan Li, ni sa ki te swiv Li t ap rele: "Ozana (Glwa a Bondye) a Fis a David la! 21:9 Sòm 118:26Beni se Sila ki vini nan non Senyè a! Ozana 21:9 Luc 2:14nan pi wo a!"
10 Lè Li te antre Jérusalem, tout vil la te byen boulvèse e t ap di: "Ki moun sa ye?" 11 Epi foul la t ap di: "Sa se 21:11 Mat 21:26pwofèt Jésus ki sòti Nazareth nan Galilée a".