1 Alò, li te vin rive ke lè 4:1 Né 2:10Sanballat te tande ke nou t ap rebati miray la, li te vin anraje nèt, byen fache e te moke Jwif yo. 2 Li te pale nan prezans a frè li yo avèk Samariten rich yo. Li te di: "Se kisa Jwif san kapasite ak fòs sa yo ap fè la a? Èske y ap restore li pou kont yo? Èske yo kab ofri sakrifis? Èske yo kab fin fè l nan yon jounen? Èske yo kab restore wòch yo soti nan ranblè plen pousyè a; menm sa ki te brile yo?"
3 Alò, Tobija, Amonit lan, te toupre li. Li te di: "Menm sa y ap bati, 4:3 Lam 5:18 si yon rena ta vòltije ladann, li ta kraze wòch miray yo!"
4 Tande, O Bondye pa nou an, kijan nou meprize! Fè repwòch pa yo 4:4 Sòm 79:12 retounen sou pwòp tèt yo, e livre yo pou yo ta vin piyaje nan yon peyi an kaptivite. 5 Pa 4:5 Sòm 69:27padone inikite yo, e pa kite peche yo efase devan Ou, paske yo te dekouraje ouvriye ki t ap bati yo.
6 Konsa, nou te bati miray la, e tout miray la te jwenn ansanm jis rive nan mwatye wotè li, paske pèp la te gen tèt ansanm pou travay la.