Pular para o conteúdo
Publicidade

Nonb 23

1 Alò, Balaam te di a Balak: "Bati sèt lotèl pou mwen isit la, e prepare sèt towo pou mwen isit la." 2 Balak te ojis sa ke Balaam te pale a. Balak avèk Balaam te ofri yon towo avèk yon belye sou chak lotèl.

3 Balaam te di a Balak: "Kanpe kote ofrann brile pa w la, e mwen va ale. Petèt SENYÈ a va vin rankontre m, e nenpòt sa ke Li montre mwen, mwen va di ou li." Konsa, li te ale kote yon ti mòn ki pa t gen anyen sou li.

4 Bondye te rankontre Balaam, e li te di Li: "Mwen te ranje sèt lotèl yo, e mwen te ofri yon towo avèk yon belye sou chak lotèl."

5 Konsa, SENYÈ a te 23:5 Det 18:18mete yon pawòl nan bouch Balaam. Li te di: "Retounen kote Balak. Ou va pale konsa."

6 Konsa, li te retounen kote li. E gade byen, Balak te kanpe kote ofrann brile li a; li menm avèk tout chèf Moab yo. 7 Balaam te pran diskou li, e te di:

"Depi nan 23:7 Nonb 22:12Aram, Balak te mennen m,

wa Moab ki soti nan mòn Lès yo.

Vin modi Jacob pou mwen.

Vin denonse Israël!

8 23:8 Nonb 22:12 Kijan mwen kapab modi,

Bondye pa t modi?

Epi kijan mwen kapab denonse

sila ke SENYÈ a pa t denonse?

9 "Jan mwen konn li soti anwo nan pwent wòch yo,

e mwen gade li depi sou kolin yo.

23:9 Det 32:8 Gade byen, yon pèp ki rete apa,

ki p ap kab konte pami nasyon yo.

10 23:10 Jen 13:16 Kilès ki kab konte pousyè a Jacob,

oswa konte menm yon ka an Israël?

Kite mwen mouri lanmò a jis yo,

pou lafen pa mwen an tankou pa li."

11 Konsa, Balak te di a Balaam: "Kisa ou te m konsa? 23:11 Né 13:2Mwen te pran ou pou modi lènmi mwen yo, e gade byen, ou te vrèman beni yo!"

12 Li te reponn: "Èske mwen pa oblije atansyon pou pale 23:12 Nonb 22:20sa ke SENYÈ a mete nan bouch mwen?"

13 Alò Balak te di li: "Souple, vin avèk mwen nan yon lòt kote pou ou ka yo. Malgre w ap sèlman ti bout a dènye pwent lan, e ou p ap tout a yo. Modi yo pou mwen depi la." 14 Konsa, li te pran li rive nan chan Tsophim nan, nan pwent Mòn Pigsa a. Li te bati sèt lotèl e li te ofri yon towo avèk yon belye sou chak lotèl.

15 Konsa, li te di a Balak: "Kanpe kote ofrann brile ou a, pandan mwen menm, mwen ap rankontre SENYÈ a soti lòtbò."

16 Alò, SENYÈ a te rankontre Balaam e Li 23:16 Nonb 22:20te mete yon pawòl nan bouch li. Li te di li: "Retounen jwenn Balak, e konsa ou va pale."

17 Li te vin kote li, e gade byen, li te kanpe kote ofrann brile pa li a, epi chèf Moab yo te avèk li. Konsa, Balak te di li: "Kisa SENYÈ a te pale a?"

18 Alò, li te pran diskou li. Li te di:

"Leve ou menm, O Balak, pou tande!

Ban m zòrèy ou, O fis a Tsippor!

19 23:19 I Sam 15:29 Bondye se pa yon nonm ke li ye

pou L ta bay manti,

ni fis a yon nonm pou L ta repanti.

Èske Li pa t pale, e èske Li p ap l vrè?

20 Gade byen, mwen te resevwa lòd pou beni.

se Li menm ki beni,

alò, 23:20 És 43:13mwen p ap kab revoke sa.

21 Li pa t malè nan Jacob,

ni Li pa t twoub nan Israël.

23:21 Egz 3:12 SENYÈ a, Bondye li a avè l,

epi gran vwa a yon wa pami yo.

22 23:22 Nonb 24:8 Bondye mennen yo sòti an Égypte.

Li pou yo tankou kòn sou bèf mawon.

23 23:23 Nonb 22:7 Paske, nanpwen wanga kont Jacob,

ni pa gen divinasyon kont Israël.

Nan tan etabli a, li va pale a Jacob,

e a Israël de sa Bondye te a!

24 23:24 Jen 49:9 Gade byen, yon pèp ki leve tankou yon manman lyon,

tankou yon lyon li leve li menm.

Ni li p ap kouche jiskaske li fin devore viktim nan,

pou l bwè san a sila li touye a."

25 Alò, Balak te pale a Balaam: "Pa modi yo ditou, ni pa beni yo ditou!"

26 Men Balaam te reponn a Balak: "Èske mwen pa t di ou, 23:26 Nonb 22:18Nenpòt sa ke SENYÈ a pale, se sa mwen oblije ?"

27 Alò Balak te di a Balaam: "Souple, vini; mwen va mennen ou yon lòt kote. Petèt li va agreyab a Bondye pou ou modi yo depi kote sa a." 28 Konsa, Balak te pran Balaam tèt mòn Peor ki domine tout dezè a.

29 Balaam te di a Balak, "Bati sèt lotèl pou mwen isit la, e prepare sèt towo ak sèt belye pou mwen isit la." 30 Balak te jan ke Balaam te di a, e li te ofri yon towo avèk yon belye sou chak lotèl.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também