Pular para o conteúdo
Publicidade

Nonb 24

1 Balaam te ke sa te SENYÈ a plezi pou beni Israël, li pa t ale tankou lòt fwa yo pou chache wanga, men li te fikse figi li 24:1 Nonb 23:28dezè a. 2 Konsa, Balaam te leve zye li anwo, li te Israël ki t ap kan, tribi pa tribi; epi 24:2 I Sam 19:20Lespri Bondye te vini sou li.

3 Li te reprann diskou li e te di:

24:3 Nonb 24:15-16 "Pòt pawòl a Balaam nan, fis a Beor a,

Pòt pawòl a nonm ki gen zye louvri a;

4 Pòt pawòl a sila ki 24:4 Nonb 22:20koute pawòl a Bondye yo,

ki vizyon Toupwisan an, ki t ap tonbe,

men zye li gen tan vin debouche.

5 Ala tant nou yo bèl, O Jacob,

ak abitasyon nou yo, O Israël!

6 Tankou vale ki vin ouvri byen laj,

tankou jaden ki kote rivyè yo,

tankou plan lalwa ki plante pa SENYÈ a,

tankou bwa 24:6 Sòm 45:8 sèd ki kote dlo yo.

7 Dlo yo va koule nan bokit li yo,

e jèm desandan li yo va kote anpil dlo.

Wa li a va pi wo pase 24:7 I Sam 15:8Agag, e wayòm li a va vin egzalte.

8 24:8 Nonb 23:22 Bondye mennen l sòti an Égypte.

Li pou li tankou kòn a yon bèf mawon.

Li va devore nasyon ki advèsè li yo.

Li va kraze zo yo an mòso,

Li va kraze yo avèk flèch li yo.

9 Li koube ba, li kouche tankou yon lyon;

tankou yon manma lyon.

Se kilès ki kab tante deranje l?

24:9 Jen 12:3 Beni se tout moun ki beni ou,

e modi se tout moun ki modi ou."

10 Konsa, kòlè Balak te brile kont Balaam. Li frape men l ansanm; epi li te di a Balaam: "Mwen te rele ou pou modi lènmi mwen yo, men gade, ou te pèsiste nan beni yo menm twa fwa sa yo! 11 Pou sa, kouri ale nan plas ou koulye a. Mwen te di ke mwen ta onore ou anpil, men gade byen, SENYÈ a te anpeche ou resevwa onè a."

12 Balaam te di a Balak: "Èske mwen pa t di 24:12 Nonb 22:18mesaje ke ou te voye kote mwen yo: 13 ke menm si Balak te ban mwen kay li plen avèk ajan ak , ke m pa t kab anyen kontrè ak lòd SENYÈ a, kit bon kit mal 24:13 Nonb 16:28nan pwòp volonte pa m. 24:13 Nonb 31:8-16Sa ke SENYÈ a pale a, se sa mwen va pale? 14 Epi koulye a, veye byen, 24:14 Nonb 31:8-16mwen ap prale kote pèp mwen an. Vini, mwen va bay ou konsèy sou sa ke pèp sa a va a pèp pa ou a nan jou k ap vini yo."

15 Li te reprann diskou li e te di:

24:15 Nonb 24:3-4 "Pòt pawòl a Balaam nan, fis a Beor a,

e pòt pawòl a nonm avèk zye louvri a di,

16 Li di ki tande pawòl Bondye yo,

ki gen konesans a Trè Wo a,

ki vizyon a Toupwisan an,

k ap tonbe, men ak zye li ki gen tan fin ouvri.

17 Mwen li, men pa koulye a.

Mwen gade l, men pa toupre.

Yon zetwal va sòti nan Jacob.

24:17 Jen 49:10 Yon baton a wa va leve sòti an Israël.

Li va kraze travèse fwon Moab la,

e li va dechire tout fis a Seth yo.

18 24:18 Am 9:11-12 Édom va yon posesyon pou li.

24:18 Jen 32:3 Séir, lènmi li, osi, va yon posesyon pou li,

pandan Israël ap aji avèk gwo kouraj.

19 Youn ki soti nan Jacob va gen tout pouvwa,

li va detwi retay lavil la."

20 Li te gade Amalec. Li te reprann diskou li e li te di:

"Amalec se te premye nan nasyon yo,

24:20 Nonb 24:24 men lafen li pi lwen se destriksyon."

21 Epi li te gade 24:21 Jen 15:9 Kenizyen nan, li te reprann diskou li e li te di:

"Kote ou rete a, gen andirans.

Nich kote ou chita nan falèz la.

22 Malgre, Cain va gate nèt,

jis 24:22 Jen 10:21-22Asiryen yo pote nou ale an kaptif?"

23 Epi li te vin reprann diskou li. Li te di:

"Ay, kilès ki ka viv Bondye sa a?

24 Men gwo bato yo va sòti nan kòt 24:24 Éz 27:6Kittim.

Yo va pini Asiryen yo, yo va aflije 24:24 Jen 10:21Éber.

Men li menm tou va vin detwi."

25 Konsa, Balaam te leve e te pati pou retounen nan 24:25 Nonb 24:14 plas li, e Balak osi te al wout li.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também