Pular para o conteúdo
Publicidade

Jacques 2

17 Menm jan an 2:17 Gal 5:6lafwa, si li pa gen zèv, li mouri pou kont li.

18 Konsa, yon moun ka byen di: "Ou gen lafwa e mwen gen zèv. Montre m 2:18 Wo 3:28lafwa ou a san zèv, e mwen va montre ou lafwa pa m nan pa zèv."

19 Ou kwè ke Bondye se yon sèl. Ou fè byen. 2:19 Mat 8:29Demon yo kwè tou, e yo tranble. 20 Men èske ou dakò pou rekonèt, o moun ensanse, ke 2:20 Gal 5:6lafwa san zèv vin initil? 21 2:21 Jen 22:9,10,12,16-18Èske Abraham, zansèt nou an, pa t jistifye pa zèv lè li te ofri Isaac, fis li a, sou lotèl la? 22 Nou wè ke 2:22 Eb 11:17lafwa t ap travay avèk zèv li yo, e kòm rezilta a, 2:22 I Tes 1:3zèv lafwa li a te vin pafè. 23 Konsa, Lekriti a te akonpli sa ki di: 2:23 Jen 15:6"Abraham te kwè Bondye, e sa te konte pou li kòm ladwati," e li te rele zanmi a Bondye a. 24 Menmjan nou wè ke yon nonm jistifye pa zèv, e non sèlman pa lafwa a. 25 Paske menm jan èske Rahab, fanm movèz vi a, p at jistifye pa zèv lè l te resevwa mesajè yo epi te voye yo ale pa yon lòt chemen an? 26 Paske menm jan ke kò san lespri a mouri deja, menm jan an tou 2:26 Gal 5:6lafwa san zèv deja mouri.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também