3 Koulye a 3:3 Sòm 32:9si nou mete mò nan bouch a cheval yo pou yo kab obeyi nou, nou dirije tout kò yo tou.
4 Gade menm bato yo; malgre yo trè gran e pouse pa gwo van, yo toujou dirije pa yon gouvènè tou piti nenpòt kote volonte a pilòt la pito. 5 Menm jan an tou, lang lan se yon pati tou piti nan kò a, e malgre sa, li 3:5 Sòm 12:3vante gwo bagay.
3:5 Pwov 26:20 Gade kijan yon gwo forè vin pran dife pa yon flanm ki tou piti! 6 Konsa 3:6 Sòm 120:2,3lang lan se yon dife, yon vrè mond linikite a. Lang lan plase pami manm kò nou yo, kòm sila ki konwonpi tout kò a nèt. Li mete dife nan kous lavi nou menm, e li limen pa lanfè a.
7 Paske tout kalite bèt ak zwazo, reptil ak kreyati lanmè yo, donte e vin donte pa ras lòm nan. 8 Men pèsòn pa kapab donte lang lan. Li se yon mechanste ki endontab e plen ak 3:8 Sòm 140:3pwazon mòtèl.