Pular para o conteúdo
Publicidade

Ésaïe 17

1 Pwofesi sou Damas.

"Gade byen, Damas prèt pou retire nèt kon vil. Li va tonbe nèt an yon 17:1 És 25:2 gwo pil mazi. 2 Vil 17:2 Nonb 32:34Aroër yo ap abandone nèt. Y ap sèvi kon plas pou twoupo yo kouche. P ap gen pèsòn pou yo . 3 17:3 És 7:8-16Vil fòtifye a va disparèt nan Éphraïm e wa Damas la ak retay Syrie. Yo va tankou laglwa a fis Israël yo," deklare SENYÈ dèzame yo.

4 Alò, nan jou sa a, 17:4 És 10:3glwa Jacob la va febli nèt, e grès chè li va vin megri. 5 Li va tankou mwasonè sereyal la ap ranmase; bra li ap rekòlte tèt sereyal yo. Wi, tankou yon moun k ap ranmase tèt sereyal nan 17:5 II Sam 5:18-22vale Rephaïm yo. 6 Sepandan, 17:6 Det 4:27kèk nan mwason an va rete tankou yo rekòlte bwa doliv. Y ap jwenn de oswa twa grenn sou branch piwo a, kat oswa senk nan bwa ki donnen pi byen yo, deklare SENYÈ a, Bondye Israël la. 7 Nan jou sa a, lòm va 17:7 És 10:20gen respè pou Kreyatè li a e zye li va gade Sila Ki Sen An Israël la. 8 Yo p ap gade lotèl yo, zèv a men li yo, ni yo p ap okipe sa ke dwèt yo te ; ni 17:8 Egz 34:13 Asherim yo ni lanp lansan yo. 9 Nan jou sa a, vil ranfòse yo va tankou kote abandone nan forè a; tankou branch ke yo te abandone devan fis Israël yo. Konsa, a va dezole. 10 Paske nou te bliye 17:10 Sòm 68:19 Bondye a sali nou an, ni nou pa t sonje wòch ki se sekou nou an. Pou sa, nou plante bèl plant e plase yo pami boujon chan a dye etranje yo. 11 Nan jou ke nou plante l la, nou bèl kloti pou li. Nan 17:11 Sòm 90:6maten, nou jèm nan rive flè; men rekòlt la ap sove ale nan jou gwo maladi, nan jou doulè san rete a.

12 Sepandan, gwo zen a anpil nasyon 17:12 És 5:30ki gwonde tankou anpil dlo yo, e ki bri a anpil nasyon k ap kouri desann tankou gwo dlo pwisan! 13 17:13 És 33:3Nasyon yo gwo bri desann tankou gwonde a anpil dlo, men Li va repwoche yo e yo va kouri rive byen lwen, yo va chase tankou pay sou mòn devan van, oswa toubiyon van an avan gwo tanpèt. 14 Nan aswè, gade, gwo laperèz! Avan maten, yo 17:14 II Wa 19:35disparèt nèt. Se konsa pòsyon a sila k ap ranmase byen nou yo e tiraj osò a sila ki piyaje nou yo.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também