Pular para o conteúdo
Publicidade

Ésaïe 65

1 "Mwen te chache pa 65:1 Wo 9:24-26sila

ki pa t mande pou Mwen yo;

Mwen te twouve pa sila

ki pa t chache M.

Mwen te di: "Men Mwen isit la! Men Mwen isit la!

a yon nasyon ki pa t rele non Mwen.

2 65:2 Wo 10:21 Mwen te louvri men M tout lajounen a yon pèp rebèl,

ki mache nan chemen ki pa bon,

k ap swiv pwòp panse pa yo,

3 Yon pèp ki 65:3 Job 1:11pwovoke M tout tan nan figi M,

k ap ofri sakrifis nan jaden yo

e k ap brile lansan sou brik yo;

4 ki chita nan mitan tonm yo

e ki pase nwit lan kote kache yo;

ki 65:4 Lev 11:7manje chè kochon,

ak soup fèt ak sa ki pa pwòp.

5 Ki di: 65:5 Mat 9:11Rete la, ou menm, pa pwoche mwen;

mwen pi sen pase ou!

Sila yo se lafimen nan nen Mwen,

yon dife ki brile tout lajounen.

6 "Gade byen, li ekri devan Mwen:

Mwen p ap rete an silans,

men 65:6 Jr 16:18Mwen va bay rekonpans;

Mwen va rekonpanse jis rive nan lestonmak yo,

7 ni pou pwòp inikite pa yo

ak inikite a zansèt yo ansanm", pale SENYÈ a.

"Akoz yo te brile lansan sou mòn yo

e te moke M sou kolin yo;

pou sa, Mwen va 65:7 Jr 5:29mezire zèv yo te ,

jis rive nan lestonmak yo."

8 Konsa pale SENYÈ a;

"Menm jan divin tounèf twouve nan yon grap rezen,

e yon moun di, pa detwi l, paske gen benefis ladann:

konsa Mwen va aji pou sèvitè ki pou Mwen yo,

pou M 65:8 És 1:9pa detwi yo tout.

9 Mwen va mennen sòti zanfan Jacob yo

e yon eritye mòn Mwen yo kap soti nan Juda.

Menm 65:9 És 57:13chwazi pa M yo va eritye l

e sèvitè Mwen yo va demere la.

10 Saron va yon peyi ki patiraj

pou bann mouton yo,

e vale Acor yon kote pou twoupo yo ka repoze,

pou pèp Mwen ki 65:10 És 51:1chache Mwen an.

11 "Men nou menm ki 65:11 Det 29:24-25abandone SENYÈ a,

ki bliye mòn sen Mwen an,

ki ranje yon tab pou Gran Chans,

ki plen tas ak diven mele pou Desten an;

12 Mwen va ranje desten nou ak nepe,

e nou tout va bese devan masak la.

Akoz Mwen te rele nou, men nou 65:12 II Kwo 36:15-16pa t reponn;

Mwen te pale, men nou pa t tande.

Epi nou te mal devan zye M,

e te chwazi sa ki pa t m plezi."

13 Pou sa, konsa pale Senyè BONDYE a:

"Gade byen, sèvitè Mwen yo va 65:13 És 1:19manje,

men nou va rete grangou.

Gade byen, sèvitè Mwen yo va bwè,

men nou va rete swaf.

Gade byen, sèvitè Mwen yo va rejwi,

men nou va twouve gwo wont.

14 Gade byen, sèvitè Mwen yo va rele ak jwa ak kontan,

men nou va 65:14 És 13:6kriye ak yon plen doulè,

e nou va rele anmwey ak yon lespri ki kraze nèt.

15 Ou va kite non nou kon yon malediksyon

a moun chwazi pa Mwen yo,

e Senyè BONDYE a va touye nou.

Li va rele sèvitè Li yo pa yon 65:15 És 62:2lòt non.

16 Paske sila ki beni sou a,

va beni pa 65:16 Egz 34:6Bondye verite a;

epi sila ki sèmante nan tout a,

va sèmante pa Bondye verite a;

paske ansyen twoub yo fin bliye

e paske yo kache devan zye M."

17 Paske gade byen,

Mwen va kreye yon 65:17 És 66:22syèl tounèf,

ak yon tounèf;

epi ansyen bagay yo p ap sonje ankò,

ni p ap menm antre nan panse.

18 Men 65:18 Sòm 98kontan e rejwi nou

jis pou tout tan nan sa ke M kreye yo;

paske gade byen, Mwen kreye Jérusalem pou rejwisans,

e pèp li a pou kontan.

19 Anplis, Mwen va 65:19 És 62:4-5rejwi de Jérusalem.

Mwen va kontan nan pèp Mwen an.

Epi p ap tande ankò nan li

vwa kriye ak son moun k ap kriye.

20 "P ap genyen ladann ankò timoun ki viv sèlman kèk jou,

ni granmoun ki pa fin tout jou li yo;

paske jenn yo va mouri nan laj santan

e sila ki pa rive nan laj santan yo va konsidere kon moun modi.

21 Yo va 65:21 És 32:18bati kay yo pou yo viv ladann;

anplis, yo va plante chan rezen yo e manje fwi yo.

22 Yo p ap bati kay pou yon lòt moun rete ladann,

yo p ap plante pou yon lòt moun vin manje.

Paske 65:22 Sòm 92:12-14kon lavi a yon pyebwa, se konsa

jou a pèp Mwen an va ye,

e moun chwazi pa M yo va gen tan

rejwi nan pwòp zèv men yo.

23 Yo 65:23 Det 28:3-12p ap travay an ven, ni pitit pou mizè;

paske yo se desandan a sila ki beni pa SENYÈ a,

e anplis, desandan yo, menm jan.

24 Anplis, li va vin rive ke avan yo rele, Mwen va reponn;

epi pandan yo toujou ap pale, Mwen va 65:24 Sòm 91:15tande.

25 65:25 És 11:6 Lou ak ti mouton va manje ansanm.

Lyon an va manje pay kon bèf.

Men pousyè va sèvi kon manje pou sèpan an.

Yo p ap mal ni donmaj nan tout mòn sen Mwen an,"

di SENYÈ a.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também