Pular para o conteúdo
Publicidade

Ésaïe 3

1 Paske gade byen, Senyè BONDYE dèzame yo va 3:1 Lev 26:26retire sou Jérusalem ak Juda ni sipò, ni mwayen materyo,

tout sa ki pou founi pen

e tout sa ki pou founi dlo;

2 3:2 II Wa 24:14 Nonm pwisan an,

gèrye la,

jij ak pwofèt la,

divinò a ak ansyen an,

3 Kapitèn senkant yo,

nonm ki resevwa onè a,

konseye a,

atizan an,

ak sila ki nan wanga a.

4 Konsa, Mwen va 3:4 Ekl 10:16senp tigason yo vin chèf sou yo,

e timoun san kontwòl yo va vin renye sou yo.

5 Epi pèp la va 3:5 Mi 7:3-6oprime,

youn pa yon lòt e chak pa vwazen li;

jenn yo va rebèl kont granmoun yo

e sila ki enferyè a kont sila ki gen onè a.

6 yon nonm 3:6 És 4:1mete men l sou frè l lakay papa l, epi di:

"Se ou ki gen manto a, se ou k ap chèf nou an,

e tout miray kraze sa yo va anba pouvwa ou",

7 Nan jou sa a, li va diskite ak yo e li va di:

"Se pa mwen menm k ap 3:7 Éz 34:4geri nou an;

paske lakay mwen pa gen ni pen, ni manto;

se pa mwen menm pou nou ta chwazi chèf sou pèp la."

8 Paske Jérusalem chape glise e Juda fin tonbe akoz

pawòl ak zak yo kont SENYÈ a;

pou yo 3:8 És 65:3 rebèl kont prezans sen Li an.

9 Vizaj figi yo temwen kont yo,

e yo montre tout moun peche yo tankou Sodome.

Yo pa menm kache sa a. Malè a yo menm!

Paske yo 3:9 Pwov 8:36mennen mal la vin tonbe sou yo.

10 Di a 3:10 Det 28:1-14moun dwat yo sa prale byen pou yo,

paske yo va manje fwi a zèv yo.

11 Malè a mechan an!

Sa prale mal pou li.

Paske 3:11 Det 28:15-68sa li merite a, se sa k ap rive li.

12 O pèp Mwen an! Moun ki oprime yo se timoun

ak fanm ki gouvène sou yo.

O pèp Mwen an! 3:12 És 9:16 Sila k ap gide ou yo, egare ou,

e konfonn direksyon chemen nou yo.

13 Se 3:13 És 66:16SENYÈ a ki parèt kon advèsè yo

e ki kanpe pou jije pèp la.

14 SENYÈ a 3:14 Job 22:4antre nan jijman ak ansyen ak prens a pèp Li a.

"Se nou ki te devore chan rezen an;

piyaj malere a fèt anndan lakay nou.

15 Se kilès ki bannou dwa pou 3:15 Sòm 94:5kraze pèp Mwen an,

e foule figi malere yo?" SENYÈ dèzame yo pale.

16 Anplis SENYÈ a di: "Akoz 3:16 Kan 3:11fi a Sion yo ògeye,

mache ak tèt anlè ak zye k ap sedwi,

mache ak ti pa kout pou atire zye gason,

e sone tout ti son braslè sou pye yo.

17 Pou sa, SENYÈ a va aflije tèt fi a Sion yo ak kal,

e SENYÈ a va tèt yo chòv."

18 Nan jou sa a, SENYÈ a va retire bèlte a braslè pye yo, bando sou tèt yo, 3:18 Jij 8:21-26dekorasyon kwasan yo, 19 zanno zòrèy yo, braslè yo, vwal yo, 20 3:20 Egz 29:38dekorasyon tèt yo, chenn nan pye yo, bèl twal sentiwon yo ak bwat pafen yo, bwòch yo, 21 bag dwèt yo, 3:21 Jen 24:47zanno nen yo. 22 Vètman gwo fèt yo, gwo manto yo, bous lajan yo, 23 miwa men yo, ti sou-vètman yo, tiban yo, ak vwal yo.

24 Epi li va fin rive ke olye sant pafen dous,

ap gen move odè pouriti;

olye se sentiwon, ap gen yon kòd;

olye se 3:24 I Pi 3:3cheve swa byen ranje,

ap gen yon tèt chòv;

olye se bèl vètman, ya mete twal sak;

epi y ap pote etanp sou pou ranplase bote.

25 Gason nou yo va 3:25 És 1:20tonbe devan nepe,

ak moun pwisan nou yo nan batay.

26 Epi pòtay vil la va kriye ak lamantasyon,

doulè ak dezolasyon nèt. Li va 3:26 Lam 2:10chita atè.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também