Pular para o conteúdo
Publicidade

Ésaïe 47

1 "Vin desann chita nan pousyè a, O 47:1 Sòm 137:8fi vyèj Babylone nan;

Chita atè san twòn, O fi a Kaldeyen yo!

Paske ou p ap rele fanm dous ankò, ni bèl fanm.

2 Pran yon wòch moulen pou moulen farin.

Retire 47:2 Jen 24:65vwal ou leve jip la wo, dekouvri janm yo.

Travèse rivyè yo.

3 Toutouni ou va dekouvri e wont ou va vin parèt.

Mwen va 47:3 És 34:8pran vanjans

e Mwen p ap bliye pèsòn."

4 47:4 És 41:14 Redanmtè nou an, SENYÈ dèzame yo se non Li,

Sila Ki Sen an Israël la.

5 47:5 És 23:2 Chita an silans e antre nan fènwa a,

O fi a Kaldeyen yo,

paske ou p ap rele ankò rèn a wayòm yo.

6 Mwen te fache ak pèp Mwen an;

Mwen te pwofane eritaj Mwen an,

e Mwen te livre pèp Mwen nan men ou.

Ou pa t montre yo gras,

men menm ak 47:6 Det 28:50granmoun nan vyeyès yo,

ou te jouk ou byen lou.

7 Malgre, ou te di: Se 47:7 És 47:5rèn ke m ap ye jis pou tout tan.

Bagay sila yo, ou pa t konsidere yo, ni sonje kote yo t ap rive.

8 "Alò, tande sa, ou menm, moun sansyèl yo,

ki viv ansekirite, k ap di nan nou:

Se mwen menm e nanpwen lòt.

Mwen p ap janm 47:8 Rev 18:7chita tankou yon vèv,

ni konnen pèt timoun.

9 Men de bagay sa yo va rive sou nou 47:9 Sòm 73:19sibitman

nan yon jou:

pèt a pitit ak afè vin vèv la.

Yo va rive an mezi plen nèt;

malgre tout maji nou ak gwo pouvwa

wanga nou konn yo.

10 Ou te santi ou te 47:10 Sòm 52:7byen pwoteje nan mechanste ou

e ou te di: Pèsòn pa m.

Sajès ou ak konesans ou, yo fin chape kite ou;

paske nan ou, ou te di:

Se mwen menm e nanpwen lòt sof ke mwen.

11 Men 47:11 És 57:1malè va vini sou ou ke ou p ap gen

maji pou detounen.

Gwo dega ke ou p ap ka menm konprann va vini sou ou.

Destriksyon ke ou pa t janmn sispèk

va rive sou ou sibitman.

12 Kanpe fèm nan tout 47:12 És 47:9maji ak wanga

ke ou te sèvi depi nan jenès ou yo.

Petèt ou va reyisi, petèt ou va moun tranble.

13 Ou vin 47:13 Jr 51:58-64fatige ak tout konsèyè yo.

Alò koulye a, kite mèt zetwal ki pwofesi ak yo,

k ap prediksyon avni ak nouvèl lin yo,

vin kanpe pou pwoteje ou sou sa k ap vin rive ou yo.

14 Gade byen, yo 47:14 És 5:24tankou pay.

Dife ap brile yo.

Yo p ap ka sove yo devan pouvwa flanm yo.

P ap gen chabon ki pou chofe yo,

ni flanm dife pou yo chita devan l!

15 Men kijan tout travay lavi ou ap tèminen:

Tout sa yo ki 47:15 Rev 18:11komès ak ou depi nan jenès ou yo

va mache egare nan chemen pa yo;

nanpwen moun ki pou ta sove ou.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também