Pular para o conteúdo
Publicidade

Ésaïe 56

1 Konsa pale SENYÈ a:

"Konsève sa ki jis

e sa ki dwat,

paske 56:1 Sòm 85:9sali Mwen an prèt pou rive

e ladwati Mwen va vin revele.

2 A la 56:2 Sòm 112:1beni nonm ki sa a beni,

e fis a mesye a ki kenbe sa a fèm;

ki pa janm derespekte Saba a,

e ki anpeche men l mal la."

3 Pa kite etranje a ki te vin jwenn ak SENYÈ a di:

"Anverite, SENYÈ a va m separe de pèp li a."

Ni pa kite 56:3 Det 23:1 enik lan di:

"Gade byen, mwen se yon bwa sèch".

4 Paske konsa pale SENYÈ a:

"A enik yo ki 56:4 És 56:2-6kenbe Saba Mwen yo,

ki chwazi sa ki M plezi,

e ki kenbe fèm nan akò Mwen an,

5 a yo menm, Mwen va livre depi andann lakay Mwen an;

anndan miray Mwen yo, yon memoryal

e yon 56:5 És 62:2non ki meyè a fis yo oswa fi yo.

Mwen va bay yo yon non

k ap dire nèt jis pou letènite,

ki p ap janm disparèt."

6 "Anplis, 56:6 És 56:3etranje ki vin atache yo menm a SENYÈ a,

pou sèvi Li,

pou renmen non a SENYÈ a,

pou vin sèvitè Li,

yo tout ki pa derespekte Saba a,

e ki kenbe fèm sou akò Mwen an;

7 menm sila yo Mwen va mennen sou mòn sen Mwen an,

e yo plenn lajwa andedan kay priyè Mwen an.

Ofrann brile yo ak sakrifis yo va akseptab sou lotèl Mwen an;

paske 56:7 Mat 21:13kay Mwen an va rele yon kay lapriyè pou tout pèp yo."

8 Senyè BONDYE a, ki 56:8 És 11:12rasanble dispèse a Israël yo, deklare:

"Mwen va rasanble lòt yo anvè yo,

lòt anplis de sila ki deja rasanble yo."

9 Nou tout, 56:9 Éz 3:17bèt a chan yo,

vin manje,

ak tout bèt a forè yo.

10 56:10 Éz 3:17 Gadyen Li yo avèg.

Tout nan yo san konprann.

Se chen bèbè ki pa ka jape;

moun k ap kouche rèv,

ki renmen somèy.

11 Wi, chen yo voras.

Yo pa janm jwenn asi.

Se bèje yo ye san konprann.

Yo tout 56:11 És 57:17vire tounen nan pwòp chemen pa yo,

yo chak nan ranmase byen de tout katye.

12 "Vini", yo di: "Annou twouve diven;

annou bwè anpil bwason .

Epi 56:12 Sòm 10:6demen na p menm jan ak jodi a!

Plis menm!"

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também