Pular para o conteúdo
Publicidade

Ésaïe 5

1 Kite mwen chante koulye a pou byeneme mwen an, selon chan rezen Li.

Byeneme m nan te gen yon 5:1 Sòm 80:8chan rezen sou yon kolin byen fètil.

2 Li te fouye toupatou li,

retire wòch li yo,

e te plante li avèk pye rezen pi chwazi a.

5:2 Jr 2:21 Li te bati yon nan mitan l,

e te fouye yon basen diven ladann.

Alò, li te sipoze pou l ta pwodwi bon rezen yo,

men li te pwodwi sèlman sa ki pa bon.

3 Konsa, O abitan Jérusalem yo ak mesye Juda yo,

5:3 Mat 21:40 jije antre Mwen menm ak chan rezen Mwen an.

4 5:4 II Kwo 36:16 Kisa anplis ki gen pou fèt pou chan rezen Mwen an ke M pa t deja?

Poukisa M te atann a bon rezen yo,

li te vin pwodwi sa ki pa bon yo?

5 Pou sa a, kite Mwen di nou koulye a sa M ap ak chan rezen sa a:

Mwen va retire kloti li e li va brile;

Mwen va kraze miray li e li va vin foule nèt.

6 Mwen va gaye gate l nèt.

Li p ap koupe ni sèkle ak wou,

men pikan ak zepin va vin leve nan li.

Anplis, Mwen va pase lòd sou nwaj yo

pou 5:6 I Wa 8:35 lapli pa tonbe ladann.

7 Paske 5:7 Sòm 80:8-11chan rezen SENYÈ dèzame yo se lakay Israël,

e pèp Juda a se plant ki ba Li plezi a.

Konsa, Li t ap chache jistis;

men olye sa Li te jwenn san vèse;

pou ladwati, men olye sa, moun k ap rele "Amwey".

8 Malè a sila ki ogmante kay sou kay

ak chan a sou lòt chan,

jiskaske pa gen plas,

pou ou oblije rete sèl nan mitan peyi a!

9 Nan zòrèy mwen SENYÈ dèzame yo te sèmante:

"Anverite, anpil kay va vin 5:9 Mat 23:38vid;

menm sa ki bèl yo, san moun pou rete ladann.

10 Paske kat ekta teren p ap donnen plis ke yon bat (22 lit) diven

e yon 5:10 Éz 45:11omè (220 lit) p ap bay plis ke yon efa (22 lit) sereyal."

11 Malè a sila ki leve granmaten yo

pou yo ka kouri dèyè 5:11 Pwov 23:29-30 bwason ,

sila ki rete kanpe tan lannwit pou diven an ka anflame yo.

12 Gwo fèt pa yo akonpanye ak jwe gita ak ap, tanbouren, flit ak diven;

men 5:12 Job 34:27yo pa okipe zèv SENYÈ yo,

ni yo pa konsidere zèv men Li yo.

13 Pou sa, pèp Mwen an antre an egzil akoz 5:13 És 1:3mank konesans yo;

epi mesye ki gen onè yo

rete grangou e foul moun yo rete sèch ak swaf.

14 Pou sa, 5:14 Pwov 30:16Sejou yo vin gòj li pi gwo

e louvri bouch li jiskaske li pa ka kontwole;

epi bèlte a Jérusalem, tout pèp li a,

ak gwo kri kontan yo, vin desann ladann.

15 Pou sa, tout moun yo va imilye e limanite va abese;

anplis, 5:15 És 2:11zye a ògeye a va vin febli nèt.

16 Men SENYÈ dèzame yo va leve wo nan jijman

e Bondye sen an va montre 5:16 És 8:13 sentete Li nan ladwati.

17 Konsa, 5:17 És 7:25jèn mouton yo va manje alèz konsi se nan chan patiraj

e etranje yo va manje pami ansyen mazi a moun rich yo.

18 Malè a sila ki rale 5:18 És 59:4-8inikite ak kòd manti,

e ki peche tankou se kòd kabwèt;

19 5:19 Éz 12:22 Ka p di: "Kite Li vit,

kite Li prese travay Li pou nou ka ;

kite volonte a Sila Ki Sen an Israël la

vin rapwoche pou sa rive pou nou ka konnen!"

20 Malè a sila ki 5:20 Pwov 17:15rele mal la bon,

ak bon nan mal;

sila ki prezante tenèb la tankou limyè a,

ak limyè a kon tenèb la;

sila ki prezante sa ki anmè a kon dous,

e sa ki dous kon anmè.

21 Malè a sila ki 5:21 Pwov 3:7saj nan pwòp zye yo

e ki sipoze ke yo byen koken yo!

22 5:22 Pwov 23:30 Malè a sila ki vanyan nan bwè gwòg la

e gen gwo kouraj nan mele bwason a,

23 sila ki jistifye mechan yo pou kòb glise anba tab

e ki 5:23 Sòm 94:21 rachte dwa a sila ki gen rezon yo!

24 Akoz sa, tankou lang dife a manje pay sèch yo

e konsonmen zèb sèch nan flanm nan,

konsa rasin yo va vin tankou pouriti,

e flè yo va vannen ale tankou pousyè;

paske yo fin 5:24 És 8:6rejte lalwa SENYÈ dèzame yo,

e te rayi pawòl a Sila Ki Sen An Israël la.

25 Akoz sa, kòlè SENYÈ a te brile kont pèp Li a,

Li te lonje men l kont yo e te frape yo tonbe anba.

Mòn yo te tranble

e kadav yo te kouche tankou fatra nan mitan lari a.

5:25 És 9:12-21 Menm ak tout sa a, kòlè Li a poko fin pase, men men L toujou lonje.

26 Konsa, Li va leve yon 5:26 És 13:2-3drapo a yon nasyon byen lwen

e Li va soufle pou li soti nan dènye pwent latè;

epi gade byen, li va vini byen vit ak gwo vitès.

27 Nan nasyon sila a, nanpwen moun ki ni fatige, ni tonbe;

nanpwen moun k ap kabicha oswa k ap dòmi;

ni 5:27 Job 12:18 sentiwon nan senti li pa lage,

menm bretèl sandal li pa janm kase.

28 5:28 Sòm 7:12-13 Flèch li yo file e tout banza li yo fin koube;

pye cheval li yo parèt kon pyè silèks,

e wou cha li yo tankou toubiyon.

29 Kri 5:29 Jr 51:38gwonde li tankou yon lyon

e vwa li tankou jèn lyon;

li gwo bri pandan l ap sezi viktim li an

e pote l ale kote nanpwen moun pou delivre li.

30 Epi li va gwonde sou li nan jou sa a tankou gwo bri lanmè.

Si yon moun anwò dlo 5:30 És 8:22ta gade latè;

men gade, tout fènwa ak gwo twoub.

Menm limyè fènwa akoz nwaj li yo.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também