Pular para o conteúdo
Publicidade

Ésaïe 52

1 52:1 És 51:9-17 Leve, leve! Abiye ou menm ak fòs ou, O Sion.

Abiye ak bèl vètman ou yo, O Jérusalem, vil sen an;

paske ensikonsi yo ak pa pwòp yo

p ap antre kote ou a ankò.

2 Souke leve ou 52:2 És 29:4sòti nan pousyè a,

O kaptif Jérusalem nan!

Retire chenn sa yo nan kou ou,

O fi kaptif a Sion an.

3 Paske konsa pale SENYÈ a: "Ou te vann pou granmesi

e ou va 52:3 És 1:27rachte san vèse lajan."

4 Paske konsa pale SENYÈ a:

"Pèp Mwen an nan kòmansman,

52:4 Jen 46:6 te desann an Égypte pou rezide la,

epi Asiryen yo te oprime yo san koz.

5 Alò, pou sa, kisa Mwen gen pou isit la?" deklare SENYÈ a,

"konsi pèp Mwen an te retire san koz?"

Ankò deklare SENYÈ a:

"Konsi, pèp Mwen rachte pou reyen,

epi sila ki renye sou yo giyonnen yo ak kontan,

e 52:5 Éz 36:20-23non Mwen blasfeme tout lajounen,

6 pou sa, pèp Mwen an va 52:6 És 49:23konnen non Mwen.

Pou sa, nan jou sa a, yo va konnen se Mwen menm k ap pale.

Gade byen, se Mwen!"

7 A la bèl sou mon yo, se pye a sila ki pote 52:7 És 40:9bòn nouvèl la,

ki anonse lapè,

ki pote bòn nouvèl k ap kontan,

ki anonse Sali,

ki di a Sion: "Bondye pa ou a renye!"

8 Gadyen ou yo leve 52:8 És 62:6vwa yo.

Yo rele ak kontan ansanm;

paske yo va ak pwòp zye yo

SENYÈ a retounen nan Sion an.

9 Eklate, rele ak jwa ansanm, kote ki dezole Jérusalem yo,

paske SENYÈ a te konsole pèp Li a.

Li te 52:9 És 43:1rachte Jérusalem.

10 SENYÈ a te dekouvri sen bra Li pou tout nasyon yo .

52:10 És 45:22 Tout dènye pwent latè yo te sali a Bondye nou an.

11 52:11 És 48:20 Sòti! Sòti! Kite kote sa a!

Pa touche anyen ki pa pwòp!

Sòti nan mitan li!

Vin pirifye nou menm!

Netwaye nou, nou ki pote veso SENYÈ a.

12 Nou p ap kite ak gran vites,

ni nou p ap kouri devan moun;

paske 52:12 És 26:7SENYÈ a va ale devan nou

e Bondye Israël la va gad an aryè.

13 Gade byen, 52:13 És 42:1sèvitè Mwen an va aji avèk sajès.

Li va leve wo, e vin egzalte anpil.

14 Menm jan ke anpil moun te etone de ou

konsa 52:14 És 53:2-3aparans Li te defòme plis ke tout lòt moun,

e fòm li plis ke fis a lòm yo.

15 Konsa, Li va farinen sou anpil nasyon.

Wa yo va pe bouch yo pou koz Li;

paske 52:15 Wo 15:21sa ke yo pa t konn tande a, yo va l,

e sa ke yo pa t koute, yo va konprann li.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também