Pular para o conteúdo
Publicidade

Ésaïe 23

1 Pwofesi konsènan Tyr a.

Rele anmwey, O bato a 23:1 Jen 10:4 Tarsis yo! Paske Tyr detwi e li vin rete san kay, ni . Rapò a rive kote yo soti nan peyi Chypre. 2 23:2 És 47:5Rete san pale, O moun ki rete nan peyi kot yo; komèsan a Sidon yo k ap travèse lanmè a fin ranplase ou. 3 Sou anpil dlo sereyal a 23:3 Jos 13:3Nil la, rekòlt a Rivyè a te mwayen lavi li. Se li ki te mache pou nasyon yo. 4 Rete wont, 23:4 Jen 10:15-19O Sidon; paske lanmè a pale, sitadèl lanmè a, di: "Mwen pa t gen doulè, ni pitit; mwen pa t leve jennonm, ni leve vyèj." 5 rapò a rive an Égypte, y ap twouble anpil akoz rapò Tyr a. 6 Janbe rive 23:6 És 23:1Tarsis! Rele anmwey, O moun peyi kot yo! 7 Èske sa se gwo vil 23:7 És 22:2kontan nou an, ki te bati soti antikite yo, pye a sila ki te konn pote li jis byen lwen nan vwaj yo?

8 Kilès ki te plan sila a kont Tyr, ki te konn 23:8 Éz 28:2bay tout kouwòn yo, komèsan a sila ki te prens yo, machann a sila ki te gen onè sou tout latè yo? 9 SENYÈ dèzame yo te planifye sa, pou souye ògèy a tout bèlte sa a e imilye 23:9 És 5:13 tout gran sou latè yo. 10 Debòde peyi ou a tankou Rivyè Nil, O fi a Tarsis; nanpwen anyen ki pou anpeche ou ankò. 11 Li fin lonje men l sou lanmè a, Li te wayòm yo tranble. SENYÈ a te pase lòd konsènan Canaan pou 23:11 És 25:2 detwi tout ranfòse yo. 12 Li fin di: "Ou p ap leve tèt ou wo ankò, O vyèj kraze Sidon nan! Leve, travèse 23:12 És 23:1Chypre; menm la, ou p ap jwenn repo."

13 Gade byen, peyi a Kaldeyen yosa se pèp ki pa t egziste. Assyrie te dezigne l pou moun dezèyo te leve syèj yo, byen wo. Yo te kraze palè li yo, yo te l vin yon pil mazi kraze. 14 Rele anmwey, O 23:14 És 2:16bato a Tarsis yo, paske sitadèl ranfòse nou yo vin detwi! 15 Alò, nan jou sa a, Tyr va vin bliye pandan 23:15 Jr 25:11-22swasann-dizan, tankou jou a yon sèl wa. Nan fen swasann-dizan yo, sa va vin rive Tyr tankou nan chanson a fanm pwostitiye a. 16 Pran ap ou, mache nan vil la, O fanm pwostitiye ki fin bliye. Rale kòd li yo ak ladrès; chante anpil chan pou yo ka sonje ou. 17 Li va vin rive nan 23:17 És 23:15fen swasann-dizan yo, ke SENYÈ a va vizite Tyr. Apre, li va retounen jwenn salè pwostitiye li yo e li va pwostitiye ak tout wayòm sou tout fas latè yo. 18 Sa li reyalize ak salè pwostitiye a, li va 23:18 Egz 28:36mete li apa pou SENYÈ a. Li p ap mete li nan depo, ni sere l nan depo, men sa li reyalize a va devni manje ase ak vètman byen chwazi pou sila ki demere nan prezans SENYÈ yo.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também