Pular para o conteúdo
Publicidade

Ésaïe 34

1 Rapwoche, O nasyon yo pou tande!

Koute, o pèp yo!

34:1 Det 32:1 Kite latè ak tout sa ki ladann tande,

e lemonn ak tout sa ki ladann.

2 Paske 34:2 És 26:20gwo kòlè SENYÈ a kont tout nasyon yo

e jijman Li brile kont tout lame yo.

Li te detwi yo nèt.

Li te donnen yo a yon gwo masak.

3 Konsa, yo va 34:3 És 14:9jete deyò.

Kadav yo va movèz odè,

e mòn yo va tranpe ak san yo.

4 Tout lame syèl la va vin efase.

34:4 Rev 6:12-14 Syèl la va woule monte tankou yon woulo liv;

e tout lame li yo va vin fennen nèt,

tankou yon fèy ta fennen sou branch chan rezen an,

oswa jan li deseche tonbe sou yon pye fig.

5 Paske 34:5 Det 32:41-42nepe Mwen bwe ase nan syèl la.

Gade byen, li va desann pou jije Édom

ak pèp ke Mwen te chwazi pou destriksyon yo.

6 Nepe SENYÈ a plen ak san.

Li kouvri ak grès, ak san jenn mouton,

ak bouk yo, ak grès a ren belye.

Paske SENYÈ a gen yon sakrifis nan 34:6 És 63:1Botsra,

ak yon gwo masak nan peyi Édom.

7 Anplis, bèf mawon va desann ak yo,

ak jenn towo, ak towo pwisan yo.

Konsa, peyi yo va 34:7 És 63:6tranpe ak san,

e pousyè yo va vin gra ak grès.

8 Paske SENYÈ a gen yon jou vanjans,

yon ane vanjans pou koz a Sion an.

9 Sous dlo li yo va devni goudwon

e pousyè li kon 34:9 Det 29:23souf.

Peyi li va tounen goudwon k ap brile.

10 Li p ap etenn ni lajounen, ni lannwit.

34:10 Rev 14:11 Lafimen li va monte jis pou tout tan.

De jenerasyon an jenerasyon, li va dezole.

Okenn moun p ap pase ladann

pou tout tan e pou tout tan.

11 Men 34:11 So 2:14grangozye ak ti bèt atè a va vin posede li

e ibou ak kònèy a va demere ladann.

Li va tann sou li lign latwoublay,

ak fil a plon vid la.

12 Yo va rele prens li yo a wayòm nan,

men34:12 Jr 27:20p ap gen k ap parèt.

Tout prens li yo p ap anyen.

13 Pikan yo va pouse nan gwo li yo,

chadwon ak gwo raje nan 34:13 És 13:22gwo vil ranfòse yo.

L ap devni yon kote frekante pa chen mawon.

Li va kay tribinal pou otrich la.

14 34:14 És 13:21 Bèt dezè yo va reyinyon ak lou yo;

kabrit sovaj ak gwo plim va kriye anvè parèy li.

Wi, gwo bèt lannwit va vin rete la;

l ap twouve pou kont li yon kote pou l ka repoze.

15 La, koulèv pyebwa a va nich li pou ponn ze;

li va kale yo e ranmase yo anba pwotèj li.

Menm 34:15 Det 14:13 bèt malfini yo va rankontre la,

yo chak ak pwòp parèy yo.

16 Chache nan liv SENYÈ a, epi li:

Nanpwen youn nan sila yo ki p ap la;

okenn p ap manke parèy yo.

Paske 34:16 És 1:20 bouch Mwen te pase lòd,

e Lespri Li te ranmase yo.

17 Li te 34:17 És 17:13tire osò pou yo,

e se men L ki separe bay yo selon lign mezi a.

Yo va posede kote a jis pou tout tan.

De jenerasyon an jenerasyon, yo va abite ladann.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também