Publicidade

Isaías 50

1 Konsa pale SENYÈ a: "Kote sètifika divòs ak sila

Mwen te voye manman ou ale a?

Oswa èske Mwen te vann ou bay ou yo?

Gade byen, ou te vann akoz inikite ou yo,

e manman ou te voye ale akoz transgresyon ou yo.

2 Poukisa pa t gen moun lè M te vini an?

Lè M te rele a, èske pa t gen moun pou reponn?

Èske men M tèlman kout pou li pa ka rachte?

Oswa èske Mwen pa gen okenn pouvwa pou rachte moun?

Gade byen, Mwen fè lanmè a sèk ak repwòch Mwen;

Mwen fè rivyè yo vin dezè.

Pwason pa yo gen move sant akoz mank dlo, e yo mouri ak swaf.

3 Mwen abiye syèl yo ak fènwa

e kouvri yo ak twal sak."

4 Senyè a te ban Mwen lang a sa yo ki enstwi yo,

pou M ka konnen jan pou bay pawòl soutyen a sila ki fatige.

Li fè M leve maten apre maten,

Li fè zòrèy Mwen leve pou koute kon yon disip.

5 SENYÈ a te ouvri zòrèy Mwen.

Mwen pa t rebèl, ni Mwen pa t fè bak.

6 Mwen te bay do M a sila ki te vle frape Mwen yo,

ak machwè M a sila ki t ap rache bab Mwen yo;

Mwen pa t kouvri figi Mwen devan imilyasyon ak krache.

7 Paske Senyè BONDYE a va fè M sekou.

Pou sa, Mwen pa t twouble menm.

Pou sa, Mwen te fè figi M vin di tankou silèks.

Konsa, Mwen konnen ke M p ap vin wont.

8 Sila ki jistifye Mwen an toupre;

se kilès ki mennen ka a kont Mwen?

Kite li rale pre M.

9 Gade byen, Senyè BONDYE a fè M sekou;

se kilès ki kondane Mwen?

Gade byen, yo tout va vin vye;

epwize tankou yon vètman.

Mit papiyon twal yo va manje yo.

10 Se kilès pami nou ki krent SENYÈ a,

ki obeyi vwa a sèvitè Li a,

ki mache nan fènwa a e ki pa gen limyè a?

Kite li mete konfyans nan non SENYÈ a

e depann de Bondye li a.

11 Gade byen, nou tout ki limen yon dife,

ki antoure nou ak tòch ki limen dife yo;

mache nan limyè dife nou te fè a,

e pami tòch yo nou te lime a.

Men sa nou va jwenn nan men Mwen an:

Nou va kouche pou fè lamantasyon.

Veja também

Publicidade
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-06-15_21-32-39-