Pular para o conteúdo
Publicidade

Ésaïe 48

1 "Tande sa, O lakay Jacob,

ki rele pa non Israël,

ki te sòti nan dlo Juda la.

Nou 48:1 Det 6:13sèmante pa non SENYÈ a,

e envoke Bondye Israël la,

men san verite e san ladwati.

2 Paske yo rele tèt yo menm jan ak vil sen an

e yo 48:2 És 10:20depann sou Bondye Israël la;

SENYÈ dèzame se non Li.

3 Mwen te 48:3 És 41:22deklare ansyen bagay lontan yo,

yo te sòti nan bouch Mwen e Mwen te pwoklame yo.

Sibitman Mwen te yo, e yo te vin rive.

4 Akoz Mwen konnen ke 48:4 Egz 32:9tèt ou di,

kou ou tankou ba ,

e fwontèn ou tankou bwonz;

5 pou sa, Mwen te deklare sa a ou menm lontan sa;

avan yo te rive, Mwen te pwoklame yo a Ou menm,

pou ou pa ta di: Se 48:5 Jr 44:15-18zidòl mwen an ki te l;

imaj taye mwen ak imaj fonn mwen an

ki te kòmande yo.

6 Ou te tande sa!

Gade tout sa!

Konsa, ou menm, èske ou p ap deklare li?

Mwen pwoklame 48:6 És 42:9bagay tounèf yo a ou menm soti kounye a,

tout bagay kache a ke ou pa t konnen yo.

7 Se koulye a yo fèt, e pa lontan sa.

Avan jou sa a, ou pa t tande yo.

Konsa, ou p ap di: "Gade byen, mwen te konnen yo".

8 Anverite, Ou pa t konn tande yo,

ni ou pa t konnen yo.

Menm depi lontan, zòrèy ou pa t ouvri,

paske Mwen te konnen ke ou aji nan koken.

Depi nan nesans ou, se 48:8 Det 9:7-24rebèl ou te ye.

9 48:9 Né 9:30-31 Pou koz a non Mwen, M ap kòlè Mwen pran ti reta;

pou koz lwanj Mwen, Mwen ralanti l pou ou,

pou m pa koupe retire ou nèt.

10 Gade byen, Mwen te rafine ou, men pa tankou ajan;

Mwen te ou pase a leprèv nan founo doulè a.

11 Pou koz pa M,

pou pwòp koz pa Mwen, Mwen va aji;

paske kòman non Mwen ka vin pwofane konsa?

48:11 Det 32:26-27 Glwa Mwen, Mwen p ap ka sede l bay yon lòt.

12 Koute Mwen, O Jacob,

menm Israël ke M te rele a;

Mwen se Li menm nan.

48:12 És 44:6 Mwen se premye a.

E Mwen se osi dènye a.

13 Anverite, men M te 48:13 Egz 20:11etabli latè,

e men dwat Mwen te louvri syèl yo.

M rele yo, yo kanpe ansanm.

14 Rasanble, nou tout pou koute!

Se kilès pami yo ki te deklare bagay sa yo?

Sila SENYÈ a renmen; li va 48:14 És 46:10-11akonpli sa li pito sou Babylone.

Men L va kontra Kaldeyen yo.

15 Mwen menm, Mwen te pale.

Anverite, Mwen te 48:15 És 41:12rele li.

Mwen te mennen li,

e Li va chemen li yo vin reyisi.

16 Vin toupre Mwen, koute sa:

"Depi nan kòmansman, Mwen pa t pale an sekrè;

depi tan sa te rive a, Mwen te la."

Epi koulye a 48:16 Za 2:9-11Senyè BONDYE a te voye Mwen ak Lespri Li.

17 Konsa pale SENYÈ a,

Redanmtè ou a,

Sila Ki Sen an Israël la:

"Mwen se SENYÈ a, Bondye ou a,

ki enstwi ou pou ou ta byen reyisi,

ki 48:17 Sòm 32:8mennen ou nan chemen ke ou ta dwe ale a.

18 Si sèlman ou te 48:18 Det 5:29okipe kòmandman Mwen yo!

Konsa afè ou t ap mache byen tankou yon rivyè,

e ladwati ou tankou lam lanmè yo.

19 Desandan nou yo t ap tankou sab e pitit ou yo tankou grenn sab.

48:19 És 56:5 Non pa li pa ta janm vin disparèt ni detwi devan prezans Mwen."

20 48:20 Jr 50:8 Ale kite Babylone!

Sove ale devan Kaldeyen yo!

Deklare ak son a kri lajwa, pwoklame sa.

Voye li rive jis nan dènye pwent latè.

Anonse li, "SENYÈ a te rachte sèvitè Li a, Jacob."

21 Yo pa t swaf Li te mennen yo travèse dezè yo.

Li te dlo sòti nan wòch pou yo;

Li te fann wòch la e 48:21 Sòm 78:20dlo te vin pete.

22 48:22 És 57:21 "Pa gen lapè pou mechan yo", SENYÈ a di.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também