Publicidade

Isaías 26

1 Nan jou sa a, chanson sa a va chante nan peyi Juda:

"Nou gen yon vil ki fò;

li monte miray ak ranfò pou sekirite.

2 Ouvri pòtay yo pou nasyon ladwati a ka antre;

sila ki rete fidèl la.

3 Sila ki rete fèm nan panse li yo,

Ou va kenbe nan lapè pafè,

akoz li gen konfyans nan Ou.

4 Mete konfyans nan SENYÈ a jis pou tout tan,

paske nan BONDYE SENYÈ a,

nou gen yon Wòch etènèl.

5 Paske Li te bese sila ki te rete anwo yo,

vil ki pa t kapab venk lan.

Li te desann li ba.

Li te desann li jis atè.

Li te jete li nan pousyè.

6 Pye va foule l, pye a malere a,

pla pye a sila ki san sekou yo."

7 Chemen moun jis se ladwati.

O Sila Ki Dwat la, fè wout a moun dwat yo a byen pla.

8 Anverite, selon jijman Ou yo,

O SENYÈ, nou t ap tann Ou.

Non Ou, menm memwa Ou, se dezi a nanm nou.

9 Nan lannwit, nanm mwen anvi Ou.

Anverite, lespri m anndan mwen chache Ou ak enpasyans;

paske lè jijman Ou yo rive sou latè,

sila ki rete ladann yo, aprann ladwati.

10 Malgre mechan an ta jwenn favè, li pa p aprann ladwati.

Li aji ak enjistis nan peyi ladwati.

Konsa, li p ap janm wè majeste Senyè a.

11 O SENYÈ, men Ou leve wo, men yo pa wè li;

men yo va wè zèl Ou pou pèp la

e y ap vin wont.

Anverite, dife va devore lènmi Ou yo.

12 SENYÈ, Ou va etabli lapè pou nou,

akoz ou te akonpli pou nou tout zèv nou yo.

13 O SENYÈ, Bondye nou an, lòt mèt apà de ou te gouvène nou;

men se non Ou sèl, ke nap konfese.

14 Sila ki mouri yo p ap viv.

Lespri ki pati yo p ap leve ankò.

Konsa, Ou te pini yo, detwi yo

e Ou te efase tout memwa a yo menm.

15 Ou te ogmante nasyon an, O SENYÈ,

Ou te agrandi nasyon an!

Ou leve wo!

Ou te fè tout lizyè peyi a vin pi laj.

16 O SENYÈ, nan mitan gwo twoub yo, yo te chache Ou.

Yo pa t ka fè plis pase respire yon priyè le chatiman Ou te sou yo.

17 Tankou fanm ansent k ap pwoche tan pou akouche;

li vire kò l e li rele anmwey nan doulè ansent lan;

se konsa nou te ye devan Ou, O SENYÈ.

18 Nou te ansent, nou te vire kò,

men nou pa t bay nesans a plis ke van.

Nou pa t ka akonpli delivrans sou tè a,

ni pitit mond yo pa t tonbe.

19 Moun mouri Ou yo va viv;

kadav pa yo va leve.

Nou menm ki kouche nan pousyè a,

leve e fè kri lajwa,

paske lawouze ou se lawouze solèy leve a,

e latè va bay nesans a lespri ki te pati yo.

20 Vini, pèp mwen an, antre nan chanm nou

e fèmen pòt nou dèyè nou.

Kache pou yon ti tan jiskaske gwo kòlè a fin pase.

21 Paske gade byen, SENYÈ a prèt pou sòti nan plas Li,

pou pini sila ki rete sou latè yo pou inikite yo.

Konsa, latè va fè parèt tout san vèse li yo,

e li p ap kache mò li yo ankò.

Veja também

Publicidade
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-06-15_21-32-39-