Pular para o conteúdo
Publicidade

Ésaïe 24

1 Gade byen, SENYÈ a 24:1 És 2:19va devaste tout latè ak gwo destriksyon, boulvèse sifas li e gaye tout moun ki rete ladann. 2 Pèp la menm jan ak prèt la, sèvitè a tankou mèt li, sèvant lan tankou mètrès li, sa k ap achte tankou sa k ap vann, sila k ap prè a tankou sila k ap prete a, 24:2 Lev 25:36-37sila ki resevwa kredi a tankou sila k ap bay kredi a. 3 Latè va devaste nèt e vin depouye, paske SENYÈ a te pale pawòl sa a. 4 24:4 És 33:8Latè kriye ak doulè e vin fennen nèt. Sila ki egzalte wo sou moun latè yo vin disparèt. 5 Anplis, latè vin plen ak pouriti a moun k ap viv ladann, paske yo te transgrese lalwa yo, vyole règleman yo, e te kraze akò letènèl la. 6 Akoz sa, yon 24:6 Jos 23:15malediksyon devore latè a, e sila ki rete ladann yo vin twouve koupab. Konsa, sila ki rete sou latè yo vin brile e se sèl kèk grenn moun ki rete. 7 24:7 És 16:10Diven nèf la fèb. Chan rezen an gate. Tout kontan yo gwo plent. 8 24:8 És 5:12-14kontan a tanbouren yo vin rete, bri a moun k ap fete yo vin sispann. 9 Yo pa bwè diven ak chanson; bwason yo vin 24:9 És 5:20 anmè pou sila ki bwè l yo. 10 Vil gwo dezòd la vin kraze nèt. 24:10 És 23:1 Tout kay vin fèmen pou pèsòn pa antre. 11 Gen gwo kriye nan lari a pou afè diven. 24:11 És 16:10Tout kontan vire an gwo tristès. 12 Se dezolasyon ki rete nan vil la e 24:12 És 14:31pòtay la fin kraze nèt. 13 Paske se 24:13 És 17:6konsa l ap ye nan mitan latè a pami pèp yo; tankou bwa doliv souke , tankou sila ki ranmase apre rekòlt rezen an fin fèt yo. 14 24:14 És 12:6Yo leve vwa yo; yo kriye ak kontan. Yo kriye soti nan lwès akoz majeste SENYÈ a. 15 Pou sa, bay glwa a SENYÈ a nan lès, non SENYÈ a, Bondye Israël la, nan 24:15 És 11:11 peyi kot lanmè yo. 16 Soti nan 24:16 És 11:12dènye pwent latè, nou tande chan yo: "Glwa a Sila Ki Dwat la," men mwen di: "Malè a mwen menm! Malè a mwen menm! Elas pou mwen! Moun trèt yo aji an trèt e moun trèt yo aji an trèt anpil." 17 24:17 Jr 48:43Gwo laperèz, twou fòs ak pèlen vin devan nou menm ki rete sou latè. 18 Konsa, li va rive ke sila ki sove ale l tande gwo dega a va vin tonbe nan fòs la, e sila ki rale l sòti nan fòs la va pran nan pèlen an; paske 24:18 Jen 7:11fenèt anlè yo vin louvri e fondasyon latè yo ap tranble. 19 Latè vin dechire. Latè vin 24:19 Nonb 16:31-32 fann nèt. Latè souke ak vyolans. 20 Latè woule de tankou moun ki anba gwòg. Li pyete tankou vye kay pay. Akoz transgresyon li yo peze lou sou li, li va tonbe nèt 24:20 Dan 11:19pou l pa janm leve ankò. 21 Li va rive nan jou sa a ke SENYÈ a va 24:21 És 10:12pini lame syèl anwo yo ak wa latè sou latè yo. 22 Yo va ranmase ansanm tankou 24:22 És 10:4prizonye nan yon kacho e yo va fèmen nan prizon. Apre anpil jou, yo va pini. 23 Konsa, 24:23 És 13:10lalin nan va vin twouble e solèy la va vin wont, paske SENYÈ dèzame yo va renye sou Mòn Sion ak Jérusalem, e laglwa Li va devan ansyen Li yo.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também