Pular para o conteúdo
Publicidade

Revelasyon 8

1 Jèn Mouton an te ouvri 8:1 Rev 5:1setyèm so a, te gen silans nan syèl la pandan anviwon demi èdtan.

2 Epi mwen te 8:2 Rev 8:6-13sèt zanj ki kanpe devan Bondye, e yo te resevwa sèt twonpèt.

3 Yon lòt zanj te vin kanpe devan 8:3 Rev 6:9lotèl la. Li te kenbe yon lansanswa an . Anpil 8:3 Rev 5:8lansan te bay a li menm pou l ta kab ajoute sou lapriyè a tout sen ki te sou lotèl an ki te devan twòn nan. 4 Konsa, 8:4 Sòm 14:1,2lafimen lansan an avèk lapriyè a tout sen yo te sòti nan men a zanj lan pou monte parèt devan Bondye.

5 Zanj lan te pran lansanswa a, li8:5 Lev 16:12plen li avèk dife lotèl la, e voye l sou a. Sa te swiv ak gwo 8:5 Egz 19:16kout tonnè, gwo bri, kout eklè ak yon tranbleman detè. 6 8:6 Rev 8:2Konsa, sèt zanj ki te gen sèt twonpèt yo te prepare yo pou sone yo.

7 Premye a te sone, epi te vin parèt 8:7 Egz 9:23lagrèl ak dife tou mele avèk san, e yo te jete yo sou a. Epi yon tyè pati a te brile, yon tyè nan pyebwa yo te brile e tout zèb vèt yo te brile nèt.

8 Dezyèm zanj lan te sone, e yon bagay tankou yon gwo mòn k ap brile ak dife te jete nan lanmè a. Konsa yon tyè nan 8:8 Egz 7:17lanmè a te tounen san. 9 Yon tyè nan kreyati vivan ki te nan lanmè yo te mouri, e yon tyè nan 8:9 És 2:16bato yo te detwi.

10 Twazyèm zanj lan te sone, epi yon gwo zetwal ki t ap brile tankou yon tòch te 8:10 És 14:12tonbe soti nan syèl la. Li te tonbe sou yon tyè nan larivyè ak 8:10 Rev 14:7sous dlo yo. 11 Non a zetwal la se "Absinthe." Yon tyè nan dlo yo te vin 8:11 Jr 9:15anmè, e anpil moun te vin mouri akoz dlo yo ki te vin anmè a.

12 Katriyèm zanj lan te sone, epi yon 8:12 Egz 10:21tyè nan solèy la, yon tyè nan lalin nan, ak yon tyè nan zetwal yo te frape, pouke yon tyè nan yo ta vin nwa, e jounen an pa ta parèt pandan yon tyè nan pati li, e lannwit lan, menm jan an.

13 Answit, mwen te gade e mwen te tande yon èg k ap vole nan 8:13 Rev 14:6mitan syèl la, ki t ap di nan yon gwo vwa: "Malè! Malè! Malè a 8:13 Rev 3:10sila ki rete sou latè yo, akoz son twonpèt a twa zanj ki toujou rete yo!"

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também