Pular para o conteúdo
Publicidade

Agradecimento pela vida

Por Bíblia Online

Agradecer pela vida é reconhecer que cada respiração é dom de Deus. Toda criatura que tem fôlego louve ao Senhor — porque Ele nos formou e nos sustenta com amor.

Kite tout sa ki gen souf louwe SENYÈ a!

Louwe SENYÈ a!

Beni SENYÈ a!

Beni SENYÈ a, O nanm mwen!

Mwen va beni SENYÈ a pandan mwen ap viv.

Mwen va chante lwanj a Bondye pa mwen an

pandan mwen sou latè a.

Paske se Ou menm ki te fòme pati anndan m yo.

Ou te tise mwen, pyese m soti nan vant Manman m.

Mwen va bay Ou anpil remèsiman,

paske mwen fèt yon fason mèvèye.

Zèv Ou yo depase bon konprann

e nanm mwen byen konnen sa.

Fòm mwen pa t kache a Ou menm m te fèt nan sekrè a,

e tise kon mèvèy etonnan nan fon a.

Zye Ou te matyè san fòm mwen.

Epi nan liv Ou a, te deja ekri tout jou ki te

òdone pou mwen yo, menm youn nan yo potko fin rive.

Mwen va chante a SENYÈ a toutotan ke m ap viv.

Mwen va chante lwanj a Bondye mwen an toutotan ke m la.

Kite refleksyon mwen yo L plezi.

Pou kont mwen, mwen va kontan nan SENYÈ a.

Konnen ke SENYÈ a, Li menm, se Bondye.

Se Li menm ki te nou, e se pou Li nou ye.

Nou se pèp Li e mouton patiraj Li.

Antre nan pòtay Li yo avèk remèsiman,

e nan lakou Li yo avèk lwanj.

Ba Li remèsiman!

Beni non Li!

Lanmou dous Ou chè, O Bondye!

Pitit a lòm yo pran azil anba lonbraj zèl Ou.

Yo bwè jiskaske yo vin plen an abondans lakay Ou.

Konsa,Ou bay yo bwè nan rivyè plezi Ou yo.

Paske avèk Ou, se fontèn dlo lavi a.

Nan limyè pa Ou a, nou limyè.

Mwen va leve Ou wo, O SENYÈ, paske Ou te leve mwen.

Ou pa t kite lènmi m yo rejwi sou mwen.

O SENYÈ, Bondye mwen an, mwen te kriye a Ou menm,

e Ou te geri mwen.

O SENYÈ, Ou te nanm mwen monte kite sejou lanmò yo.

Ou te kenbe m vivan, pou m pa t desann nan gwo fòs la.

Mwen va bay remèsiman a SENYÈ a ak tout m;

Mwen va pale tout mèvèy Ou yo.

Mwen va kontan e rejwi nan Ou;

Mwen va chante lwanj non Ou, O Pi Wo a.

Toujou bay remèsiman a Bondye, Papa a, pou tout bagay nan non a Senyè nou an, Jésus Kri, Papa a menm,

Beni se Bondye, Papa Senyè nou an Jésus Kri, ki te beni nou avèk tout benediksyon Lespri a nan lye selès an Kris yo.

Remèsiman a Bondye pou don Li ki depase tout sa ki kapab eksprime.

pou bay remèsiman a Papa a, ki te kalifye nou pou pataje nan eritaj a fidèl yo nan Limyè a. Paske Li te delivre nou soti nan wayòm tenèb la, e Li te transfere nou nan wayòm a Fis byeneme Li a. Nan Li menm nou gen redanmsyon, ak padon pou peche yo.

Li se imaj a Bondye envizib la premye ne a tout kreyasyon an. Paske pa Li menm, tout bagay te kreye, nan syèl la ak sou a, vizib e envizib kit se wayòm yo, kit se pouvwa yo, kit se wa yo, kit se otorite yotout bagay te kreye pa Li menm e pou Li menm. Li avan tout bagay, e se nan Li tout bagay kenbe ansanm.

"nou fin manje e satisfè, nou va beni SENYÈ a, Bondye nou an, pou bon peyi ke Li te bannou an.

O Senyè, Ou te plede ka pou nanm mwen an.

Ou te rachte lavi mwen.

Mwen te desann jis rive nan baz mòn yo.

Latè ak bawo li yo te antoure mwen pou tout tan,

men Ou te leve lavi m monte soti nan fòs la,

O SENYÈ Bondye mwen an!

"Pandan mwen t ap vin endispoze nèt,

Mwen te sonje SENYÈ a

e lapriyè mwen te rive kote Ou nan tanp sen Ou an.

Seja o primeiro