Publicidade

Compaixão

Por Bíblia Online

A compaixão é o coração de Deus em ação. Ele é compassivo e misericordioso, tardio em irar-se e grande em amor. Somos chamados a refletir essa compaixão no mundo.

Menm jan ke yon papa gen konpasyon pou pitit li yo,

se konsa ke SENYÈ a gen konpasyon pou sila ki krent Li yo.

Men Ou menm, O SENYÈ,

Ou se yon Bondye ki plen ak gras avèk mizerikòd,

lan nan kòlè e plen avèk lanmou dous ak verite.

Akoz lanmou dous Ou pi bon pase lavi,

lèv mwen va louwe Ou.

Lamou dous SENYÈ a, anvèrite, p ap janm sispann,

paske mizerikòd Li p ap janm manke.

Yo renouvle chak maten.

Gran se fidelite Ou.

Èske yon fanm ka bliye pitit k ap souse li a,

pou l pa gen konpasyon sou fis ki sòti nan vant li an?

Menm sila yo ka bliye, men Mwen p ap bliye ou.

Gade byen, Mwen te enskri ou nan pla men Mwen.

Miray ou yo devan Mwen tout tan.

Konsa, SENYÈ a ap tan. Li vle nou gras pou Li kapab egzalte, pou Li kapab nou mizerikòd. Paske SENYÈ a se yon Bondye de jistis. A la beni tout sila k ap tan Li yo beni!

Se kilès ki yon Bondye tankou Ou,

ki padone inikite,

e ki bliye zak rebèl a retay pèp eritaj li?

Li pa kenbe kòlè li pou tout tan an,

akoz Li pran plezi nan lanmou dous Li.

Mwen va ranfòse lakay Juda a, Mwen va

sove lakay Joseph la, e

mwen va yo retounen;

paske Mwen gen konpasyon pou yo.

Konsa, yo va vin konsi Mwen pa t janm rejte yo,

paske Mwen se SENYÈ a, Bondye yo,

e mwen va reponn yo.

"Konsa pale SENYÈ dèzame yo: Ekzekite vrè jijman, e pratike ladousè ak konpasyon, chak moun anvè frè li. Pa oprime ni vèv, ni òfelen, ni etranje, ni malere. Ni pa kite pèsòn nan nou panse mal nan li, youn kont lòt.

Konsa, tankou sila ki te chwazi pa Bondye yo, ki sen ak byeneme, mete sou nou yon konpasyon, tandrès imilite, jantiyès, ak pasyans;

Sèvi dousè a youn lòt, avèk bon , k ap padone youn lòt jis jan ke Bondye nan Kris la te osi padone nou an.

Anfen ke nou tout vin amikal, senpatik, fratènèl plen bon , e vin enb nan lespri.

Men nenpòt ki gen byen a lemonn sa, pou l frè l nan bezwen, epi sere l kontre li, ki jan lamou Bondye kapab rete nan li?

Beni se Bondye ak Papa a Senyè nou an Jésus Kri, Papa a mizerikòd yo, e Bondye a tout rekonfò yo; ki rekonfòte nou nan tout afliksyon nou yo pou nou kapab rekonfòte sila ki nan nenpòt afliksyon avèk menm rekonfò ke nou menm te rekonfòte pa Bondye a.

Paske nou pa gen yon wo prèt ki pa gen senpati ak feblès nou yo, men youn ki te tante nan tout bagay tankou nou menm, men san peche.

Rejwi avèk sila ki rejwi yo, e kriye avèk sila ki kriye yo.

Finalman, frè m yo, rejwi. Vin konplè, vin rekonfòte vin gen yon sèl panse. Viv nan lapè, epi Bondye lanmou ak lapè a va avèk nou.

Seja o primeiro
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-07-05_19-25-13-