Comunidade
A comunidade cristã é essencial para o crescimento da fé. A Bíblia ensina que fomos criados para viver em comunhão — edificando-nos, encorajando-nos e servindo uns aos outros.
Viver em unidade
Os que creram eram um coração e uma alma. A comunidade primitiva partilhava tudo e vivia em harmonia e alegria.
Tout nan gran foul a ki te kwè yo te vin yon sèl nan kè ak nanm. Pa t gen youn nan yo ki te gen byen ki te reklame pou pwòp tèt yo, men tout bagay te pou tout moun.
Yo te toujou dilijan nan swiv enstriksyon apòt yo ak nan amitye fratènèl, nan kase pen, ak lapriyè.
De jou an jou yo t ap kontinye nan tanp lan avèk inite nan panse yo. Yo t ap kase pen de kay an kay, e te pran repa yo ansanm avèk lajwa ak senserite de kè. Yo t ap bay Bondye lwanj, e te gen bon relasyon avèk tout moun yo.
Bondye te ogmante de jou an jou sila ki t ap sove yo.
Sa yo avèk yon sèl panse yo t ap toujou pèsevere nan lapriyè, ansanm avèk fanm yo, ak Marie, manman a Jésus, ak frè Li yo.
Yo te kenbe Pierre nan prizon an, men legliz Bondye a t ap priye fò pou li.
Paske kote de oubyen twa reyini ansanm nan non Mwen, Mwen la nan mitan yo."
Edificação mútua
Vivam em harmonia uns com os outros. Não haja divisões entre vós. A comunidade cresce quando cada membro contribui.
Koulye a, mwen egzòte nou, frè yo, pa non a Senyè nou an, Jésus Kri, pou nou tout vin antann nou, pou pa gen divizyon pami nou, men pou nou vin konplè nan menm panse ak nan menm jijman.
Paske pa yon sèl Lespri, nou tout te batize nan yon sèl kò, kit Jwif, kit Grèk, kit esklav, kit lib, e nou tout te fèt pou bwè nan yon sèl Lespri.
Paske menm jan ke kò nou gen anpil manm e tout manm sa yo pa gen menm fonksyon, konsa nou menm tou ki anpil, nou fè yon sèl kò nan Kris la, e nou chak manm youn ak lòt.
Kenbe menm panse a youn anvè lòt. Pa kite ògèy antre nan lespri nou, men toujou asosye nou avèk sa ki enb yo. Pa konprann ke se nou menm ki saj.
Alò aksepte sila ki fèb nan lafwa a, men pa pou diskisyon sou tout opinyon yo.
Koulye a mwen priye, pou menm Bondye ki bay pèseverans ak ankourajman an kapab fè nou gen menm panse, youn avèk lòt atravè Jésus Kris:
Koulye a, frè mwen yo, mwen ankouraje nou pou toujou veye sou sila k ap koze e fè blokis ki kontrè a enstriksyon nou te resevwa a. Vire do nou ba yo menm.
Amor e compromisso
Não deixemos de congregar. O vínculo perfeito é o amor — ele une a comunidade e produz frutos que duram.
Epi annou konsidere jan pou nou kapab ankouraje youn lòt nan lanmou ak bon zèv. Pa nan abandone pwòp asanble nou, jan kèk moun abitye fè, men nan ankouraje youn lòt, e plis menm akoz nou wè jou a ap pwoche.
Anplis de tout bagay sa yo, mete sou nou lanmou, ki se bon kòl pou konplete inite a.
nan rete dilijan pou konsève linite Lespri a, e nan lyen lapè.
Gade byen, a la bon e agreyab
pou frè yo viv ak tèt ansanm!
Anfen ke nou tout vin amikal, senpatik, fratènèl plen bon kè, e vin enb nan lespri.
Byeneme yo, si Bondye te renmen nou, nou osi dwe renmen youn ak lòt.
Men si nou mache nan limyè a, menm jan ke Li menm se nan limyè a, nou gen kominyon youn avèk lòt, epi san a Jésus, Fis Li, netwaye nou de tout peche.
Pa gen ni Grèk, ni Jwif, ni esklav, ni lib, pa gen ni mal ni femèl; paske nou tout se youn nan Kris Jésus. Epi si nou apatyen a Kris, nou se desandan a Abraham, eritye selon pwomès la.
Onore vèv ki vrèman vèv yo;
"Anverite, anverite, Mwen di nou, sila a ki resevwa nenpòt moun ke M voye, resevwa M. E sila ki resevwa Mwen, resevwa Li menm ki te voye Mwen an."