Estudar a Bíblia
Estudar a Bíblia é mergulhar na mente de Deus. A Palavra é lâmpada para os pés, espada do Espírito e alimento para a alma. O cristão que estuda cresce em sabedoria e maturidade.
A importância do estudo
Os bereanos eram mais nobres porque examinavam as Escrituras diariamente. Estudar a Bíblia é mandamento e privilégio.
Alò, Jwif sila yo te pi nòb pase sila nan Thessalonique yo, paske yo te resevwa pawòl la avèk yon gwo anvi. Yo te egzamine Ekriti yo chak jou pou wè si bagay sa yo se te konsa.
Se pou ou dilijan pou prezante tèt ou apwouve bay Bondye, kòm yon ouvriye ki pa bezwen wont, ki livre byen klè pawòl verite a.
Depi timoun, ou te konnen Lekriti sakre yo, ki kapab bay ou sajès ki mennen moun a sali atravè lafwa ki nan Kris Jésus a.
Tout lekriti sen an enspire pa Bondye, e pwofitab pou enstwi, pou konvenk, pou korije, e pou fòme moun nan ladwati. Konsa, chak moun Bondye a kapab konplè e byen prepare pou tout bon zèv.
Jiskaske m vini, bay enpòtans a li lekriti sen yo an piblik, a egzòtasyon ak enstriksyon.
Nou chache tout Ekriti Sen yo paske nou kwè ke nan yo menm nou gen lavi etènèl. E se yo menm ki temwaye de Mwen menm.
Meditar e guardar
Não se aparte a lei do Senhor da tua boca. Medita nela de dia e de noite para que cumpras tudo o que nela está escrito.
"Liv lalwa sila a pa pou janm kite bouch ou, men ou va reflechi sou li lajounen kon lannwit, pou ou kapab fè atansyon pou fè tout sa ki ekri ladann; paske konsa, ou va fè chemen ou yo pwospere e konsa, yo va byen reyisi.
Pawòl Ou se yon lanp pou pye m, e
yon limyè nan pa pye mwen.
O! A la mwen renmen lalwa Ou a!
Se sou li ke m reflechi tout lajounen.
Kòmandman Ou yo fè m pi saj pase ènmi m yo,
Paske yo toujou pou mwen.
Mwen vin gen plis konprann pase tout pwofesè mwen yo,
Paske temwayaj Ou yo se meditasyon mwen.
Kijan yon jennonm kapab kenbe wout li yo san fot?
Nan kenbe li selon pawòl Ou.
Ak tout kè mwen, mwen te chache Ou.
Pa kite mwen vin egare e kite lòd Ou yo.
Pawòl Ou yo, mwen te kenbe yo nan kè m,
pou m pa t peche kont Ou.
Beni se Ou menm SENYÈ a.
Enstwi mwen nan règleman Ou yo.
Avèk lèv mwen, mwen te pale selon
tout òdonans bouch Ou yo.
Mwen te rejwi nan chemen temwayaj Ou yo,
konsi se nan tout richès yo.
Mwen va reflechi sou règleman Ou yo,
e okipe chemen Ou yo.
Mwen va rejwi nan lòd Ou yo.
Mwen p ap bliye pawòl Ou.
GIMEL
Mwen va bay Ou remèsiman avèk yon kè ki dwat,
lè mwen aprann jijman dwat Ou yo.
Estudo diligente
Esdras preparou o coração para buscar e ensinar a lei. O estudo exige disciplina, constância e coração aberto.
Paske nan premye jou nan premye mwa a, li te kòmanse monte soti Babylone; epi nan premye jou nan senkyèm mwa a, li te rive Jérusalem, akoz bon men a Bondye pa li a te sou li. Paske Esdras te dedye kè li pou etidye lalwa SENYÈ a, pou pratike li, pou enstwi règleman pa Li yo ak òdonans Li yo an Israël.
Nou va renmen SENYÈ a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, avèk tout nanm nou, e avèk tout fòs nou. Pawòl sa yo ke mwen ap kòmande nou jodi a, va sou kè nou. Nou va enstwi yo avèk dilijans a fis nou yo, e nou va pale sou yo lè nou chita lakay nou, lè nou mache nan chemen, lè nou kouche, ak lè nou leve. Nou va mare yo kòm yon sign sou men nou, e yo va tankou yon ransèyman sou fwon nou. Nou va ekri yo sou chanbrann pòt lakay nou ak sou pòtay yo.
"Alò, li va rive ke lè li chita sou twòn wayòm li an, li va ekri pou tèt li yon kopi de lwa sila a sou yon woulo papye, nan prezans prèt Levit yo. Li va rete avèk li, e li va li li pandan tout jou lavi li, pou li kapab aprann gen krent SENYÈ a, Bondye li a, pou l swiv avèk atansyon tout pawòl lwa sa a, ak règleman sila yo, pou fè yo; e pou li pa konsidere tèt li pi bon ke Izrayelit parèy li yo, e ke li pa detounen de kòmandman an, ni adwat, ni agoch, dekwa ke li menm avèk fis li yo kapab dire anpil tan nan wayòm li a nan mitan Israël.
Pwovèb Salomon yo, fis a David la, wa Israël la:
pou konnen sajès avèk enstriksyon,
Pou dekouvri pawòl bon konprann yo,
Pou resevwa enstriksyon nan jan pou aji ak sajès,
ladwati, jistis, menm jan pou tout moun;
Pou avèti san konprann yo e bay konesans ak pridans a jenn yo.
Yon nonm saj va tande, va grandi nan konesans li
e yon nonm bon konprann va twouve konsèy ki saj,
Pou konprann yon pwovèb ak mo kache, pawòl a saj yo avèk devinèt yo.
Fis mwen an, pa bliye enstriksyon mwen an,
men kite kè ou kenbe kòmandman Mwen yo;
paske konsa, longè jou, ane lavi ak lapè yo
va vin ogmante sou ou.
Pran enstriksyon; pa lage menm.
Pwoteje li paske li se lavi ou.
Paske kòmandman an se yon lanp,
e enstriksyon li se limyè.
Konsa, repwòch ki disipline a se chemen lavi a
Proteção e crescimento
Quem ignora a Palavra perece. Toda Escritura é útil — crescei na graça e no conhecimento do nosso Senhor.
Pèp Mwen an detwi akoz mank konesans.
Akoz ou te rejte konesans,
Mwen menm tou, Mwen va rejte ou.
Ou p ap ka fè prèt pou Mwen,
akoz ou te bliye lalwa Bondye.
Konsa, Mwen menm tou,
Mwen ap bliye pitit nou yo.
Vire kote lalwa ak akò la! Si yo pa pale selon pawòl sa a, se akoz ke yo pa gen granmaten k ap vini.
Jésus te di yo: "Èske se pa pou rezon sa a ke nou twonpe nou an; paske nou pa konprann ni Ekriti yo ni pouvwa Bondye?
Paske tout bagay ki te ekri nan tan pase yo te ekri pou enstwi nou menm; pouke selon pèseverans ak ankourajman Ekriti yo, nou ta kapab vin genyen lespwa.
Konsa, nou menm, byeneme yo, ki konnen sa davans, rete vijilan pou nou pa pote ale pa erè a moun san prensip yo, e tonbe kite pwòp fidelite nou. Men grandi nan lagras ak konesans Senyè ak Sovè nou an, Jésus Kri.
A Li menm, laglwa, menm koulye a, e nan jou letènite a. Amen.
Selon sali sila a, pwofèt yo ki te pwofetize lagras ki te gen pou vini a nou menm nan, te fè rechèch ak ankèt pa yo, pou chèche konnen ki moun, oubyen a kilè Lespri a Kris la anndan yo a, t ap endike lè li te pwofetize soufrans a Kris ak glwa ki t ap swiv yo a.