Ler a Bíblia
Ler a Bíblia é essencial para a vida cristã. A Escritura é lâmpada para os pés, alimento para a alma e espada do Espírito. O cristão que lê a Bíblia é transformado pela Palavra.
A importância de ler
Meditar na Palavra dia e noite traz prosperidade e bom sucesso. Ler a Bíblia ilumina o entendimento e fortalece a fé.
"Liv lalwa sila a pa pou janm kite bouch ou, men ou va reflechi sou li lajounen kon lannwit, pou ou kapab fè atansyon pou fè tout sa ki ekri ladann; paske konsa, ou va fè chemen ou yo pwospere e konsa, yo va byen reyisi.
Pawòl Ou se yon lanp pou pye m, e
yon limyè nan pa pye mwen.
Lè pawòl Ou antre, li bay limyè.
Li bay bon konprann a sila ki senp yo.
O! A la mwen renmen lalwa Ou a!
Se sou li ke m reflechi tout lajounen.
Kòmandman Ou yo fè m pi saj pase ènmi m yo,
Paske yo toujou pou mwen.
Mwen vin gen plis konprann pase tout pwofesè mwen yo,
Paske temwayaj Ou yo se meditasyon mwen.
Kijan yon jennonm kapab kenbe wout li yo san fot?
Nan kenbe li selon pawòl Ou.
Ak tout kè mwen, mwen te chache Ou.
Pa kite mwen vin egare e kite lòd Ou yo.
Pawòl Ou yo, mwen te kenbe yo nan kè m,
pou m pa t peche kont Ou.
A Escritura é inspirada
Toda a Escritura é útil para ensinar, corrigir e instruir em justiça. Examine as Escrituras — nelas encontramos a vida eterna.
Tout lekriti sen an enspire pa Bondye, e pwofitab pou enstwi, pou konvenk, pou korije, e pou fòme moun nan ladwati. Konsa, chak moun Bondye a kapab konplè e byen prepare pou tout bon zèv.
Nou chache tout Ekriti Sen yo paske nou kwè ke nan yo menm nou gen lavi etènèl. E se yo menm ki temwaye de Mwen menm.
Paske tout bagay ki te ekri nan tan pase yo te ekri pou enstwi nou menm; pouke selon pèseverans ak ankourajman Ekriti yo, nou ta kapab vin genyen lespwa.
Beni se sila ki li e sila ki tande pawòl pwofesi sila yo, e ki prete atansyon a bagay ki ekri ladann yo. Paske tan an pwòch.
Jiskaske m vini, bay enpòtans a li lekriti sen yo an piblik, a egzòtasyon ak enstriksyon.
Estudar com diligência
Os bereanos eram mais nobres porque examinavam as Escrituras diariamente. O estudo dedicado da Bíblia produz maturidade espiritual.
Alò, Jwif sila yo te pi nòb pase sila nan Thessalonique yo, paske yo te resevwa pawòl la avèk yon gwo anvi. Yo te egzamine Ekriti yo chak jou pou wè si bagay sa yo se te konsa.
Paske Esdras te dedye kè li pou etidye lalwa SENYÈ a, pou pratike li, pou enstwi règleman pa Li yo ak òdonans Li yo an Israël.
Yo te li nan liv la, soti nan lalwa Bondye a, e te tradwi pou fè yo konprann, pou yo ta kab byen sezi sa ki te li a.
Jésus te di yo: "Èske se pa pou rezon sa a ke nou twonpe nou an; paske nou pa konprann ni Ekriti yo ni pouvwa Bondye?
Pawòl sa yo ke mwen ap kòmande nou jodi a, va sou kè nou. Nou va enstwi yo avèk dilijans a fis nou yo, e nou va pale sou yo lè nou chita lakay nou, lè nou mache nan chemen, lè nou kouche, ak lè nou leve. Nou va mare yo kòm yon sign sou men nou, e yo va tankou yon ransèyman sou fwon nou.
Fis mwen an, si ou resevwa pawòl mwen yo,
e gade kòmandman mwen yo nan kè ou,
e fè zòrèy ou atantif a sajès;
e enkline zòrèy ou vè bon konprann,
wi, si ou leve vwa w pou sajès;
e leve vwa ou vè bon konprann;
si ou chache li kon ajan,
e fè rechèch dèyè li kon trezò ki kache;
nan lè sa a, ou va dekouvri lakrent SENYÈ a,
e dekouvri konesans Bondye a.
Paske, SENYÈ a bay sajès.
Nan bouch Li, soti konesans ak bon konprann.