Marido e mulher
O casamento é aliança sagrada entre marido e mulher, instituída por Deus desde o Éden. A Bíblia define papéis complementares fundados em amor, respeito e fidelidade mútua.
Instituição divina
Deus criou homem e mulher e os uniu em uma só carne. O casamento é projeto divino que reflete o amor de Cristo pela Igreja.
Bondye te kreye lòm, nan pwòp imaj pa Li, nan imaj Bondye Li te kreye li; mal avèk femèl Li te kreye yo.
Alò, Senyè Bondye a te di: "Sa pa bon pou lòm nan rete sèl. Mwen va fè yon asistan jan li dwe genyen".
"Pou rezon sila a, yon nonm va kite papa li avèk manman li, pou vin jwenn avèk madanm li, epi yo va vin tounen yon sèl chè."
Li te reponn yo: "Èske nou pa konn li ke Sila ki te kreye yo depi nan kòmansman an, te fè yo mal ak femèl, ke: ‘pou koz sa a, yon nonm ap kite papa li ak manman li pou vin atache a madanm li, epi yo de a ap vini yon sèl chè? Konsa, se pa de yo ye ankò, men yon sèl chè. Sa ke Bondye mete ansanm, pa kite okenn moun separe l.’"
Éske Li pa t fè nou youn sèl? Malgre, se te li ki te gen retay Lespri a. Pouki sa youn sèl? Li t ap chache desandan ladwati a. Alò, veye lespri nou byen ke pèsòn pa aji an trèt kont madanm jenès li a.
Papéis no casamento
O marido ama e a mulher respeita. Ambos se submetem voluntariamente a Deus e um ao outro, em parceria e unidade.
Mari, renmen madanm nou, jan Kris osi te renmen legliz la, e te bay tèt Li pou Li, pou Li te kapab fè l sen, pandan Li te netwaye li nan lave l avèk dlo e avèk pawòl la. Pou Li te kapab prezante legliz la a Li menm nan tout glwa li, san tach, e san pli, oubyen okenn lòt bagay konsa; men pou li ta kapab vin sen e san fot. Donk, mari yo dwe osi renmen pwòp madanm yo kon pwòp kò yo. Sila ki renmen madanm li renmen pwòp tèt li. Paske pèsòn pa t janm rayi pwòp chè li, men nouri li e pran swen de li, menm jan ke Kris fè osi pou legliz la.
Madanm, se pou nou soumèt a mari nou, tankou a Senyè a. Paske mari a se tèt a madanm nan, jan Kris osi se tèt a legliz la. Se Li menm ki Sovè a kò a. Men jan legliz la soumèt a Kris la, menm jan an madanm yo dwe soumèt yo a mari yo nan tout bagay.
Sepandan, se pou chak moun pami nou renmen madanm li kon pwòp tèt li, e madanm lan dwe respekte mari li.
Madanm yo, se pou nou soumèt a mari nou, jan sa pwòp a Senyè a.
Mari yo, renmen madanm nou e pa vin fache kont yo.
Menm jan an, nou menm, madanm yo vin soumèt a pwòp mari nou, pouke menm si nenpòt nan yo dezobeyisan a pawòl la, yo kapab vin konvenk san menm yon mo pa konpòtman a madanm yo, lè yo obsève konpòtman nou ki moral, fidèl, e plen respè.
Nou menm, mari yo, menm jan an, viv avèk madanm nou avèk sajès, kòmsi avèk yon veso ki pi fèb. Ba li onè tankou yon moun ki pataje gras lavi a, pouke priyè nou yo pa bloke.
Fidelidade e união
O casamento é honroso e deve ser preservado com fidelidade. O cordão de três dobras não se rompe facilmente.
De moun pi bon pase yon sèl, paske y ap jwenn bon benefis pou travay yo. Paske si youn nan yo ta tonbe, lòt la va leve pare li. Men malè a sila ki tonbe lè nanpwen lòt pou fè l leve a. Anplis, si de moun kouche ansanm, youn chofe lòt; men ki jan yon sèl moun ta ka chofe? Anplis, si youn ka venk sila ki sèl la, de ka reziste ak li; epi yon kòd fèt ak twa fil ap mal pou chire.
Yon madanm ki ekselan, se kilès ki ka twouve li?
Paske valè li depase bijou.
Kè a mari li mete konfyans nan li
e li p ap manke reyisi.
Sila ki jwenn yon madanm, jwenn yon bon bagay,
e twouve favè SENYÈ a.
Kay ak byen se eritaj ki sòti nan papa;
men yon fanm pridan sòti nan SENYÈ a.
Yon bon madanm se kouwòn a mari li;
men sila ki fè l wont lan se tankou pouriti nan zo li.
Kite fontèn dlo ou a rete beni,
e rejwi ou nan madanm a jenès ou a.
Tankou yon sèf amourez ak yon bich elegan,
kite tete li yo satisfè ou tout tan.
Rete debòde nèt ak lanmou li.
Permanecer juntos
O que Deus uniu, o homem não separe. A Bíblia protege o casamento e orienta sobre convivência, perdão e perseverança conjugal.
Alò, konsènan bagay ke nou te ekri yo, li bon pou yon nonm pa touche yon fanm. Men akoz imoralite ka fèt, chak nonm dwe gen pwòp madanm li e chak fanm dwe gen pwòp mari li. Mari a dwe akonpli devwa li anvè madanm li, e menm jan an tou, madanm lan anvè mari li. Madanm nan pa gen otorite sou pwòp kò li, men se pou mari a, e menm jan an mari a pa gen otorite sou pwòp kò li, men se pou madanm nan. Sispann refize youn lòt, eksepte pa akò pou yon ti tan, pou nou kapab konsakre nou nan lapriyè, e retounen ansanm ankò pou Satan pa tante nou akoz mank kontwòl tèt nou.
Men a sila ki marye yo, mwen bay lòd sa yo. Se pa mwen, men se Senyè a ki bay li, ke madanm nan pa dwe kite mari li Men si li kite li, li dwe rete san marye, oswa rekonsilye avèk mari li. Ni mari a pa dwe divòse avèk madanm li.
Men si sila ki enkwayan an ale, kite l ale. Frè a oswa sè a pa mare nan ka sila yo, men Bondye rele nou nan lapè.
Paske kòman ou kab konnen o madanm, si ou va sove mari ou? E kòman ou kab konnen, o mari, si ou va sove madanm ou.
Paske yon fanm ki marye vin mare pa lalwa a mari li pandan mari li vivan, men si mari li mouri, fanm nan vin lib de lalwa ak sa ki konsène mari li a.
"Lè yon nonm fenk pran yon madanm tounèf, li pa pou sòti avèk lame a, ni vin responsab okenn chaj. Li gen pou rete lib lakay li pandan 1 nan pou fè madanm ke li te pran an, gen kè kontan.