Publicidade

Provérbios 31

1 Pawòl a wa Lemuel yo; pwofesi ke manman li te ansegne li a:

2 "O fis mwen an!

O fis a vant mwen an!

O fis a ve mwen yo!

3 31:3 Pwov 5:9 Pa bay fòs ou a fanm,

ni wout ou a sila ki konn detwi wa yo.

4 Se pa pou 31:4 Ekl 10:17wa yo, O Lemuel,

se pa pou wa yo bwè diven, ni pou chèf yo ta bwè diven,

5 Paske y ap bwè epi vin bliye dekrè ki te fèt la,

e 31:5 Egz 23:6tòde dwa a sila ki aflije yo.

6 Bay bwason a sila k ap 31:6 Job 29:13peri a,

ak diven a sila ki gen lavi anmè a.

7 Kite li bwè pou bliye mizè li

e pa sonje pwoblèm li ankò.

8 31:8 Job 29:12-17 Ouvri bouch ou pou bèbè a;

pou dwa yo a tout sila ki san sekou.

9 Ouvri bouch ou, jijman ak dwati,

e defann 31:9 És 1:17 dwa a aflije yo ak endijan an."

10 Yon 31:10 Rt 3:11madanm ki ekselan, se kilès ki ka twouve li?

Paske valè li depase bijou.

11 a mari li mete konfyans nan li

e li p ap manke reyisi.

12 Li l sa ki bon e pa sa ki mal

pandan tout jou lavi li.

13 Li chache lèn ak len e travay avèk men l ak kontan.

14 Li tankou bato komès;

li mennen manje li soti byen lwen.

15 Anplis, li leve pandan li toujou fènwa pou

31:15 Luc 12:42 bay manje a tout lakay li,

ak yon pòsyon pou sèvant li yo.

16 Li konsidere yon chan e achte li.

Ak benefis travay li, li plante yon chan rezen.

17 Li 31:17 I Wa 18:46mare senti l ak gwo fòs

pou bra li vin .

18 Li santi ke siksè li bon;

lanp li pa janm etenn lannwit.

19 Li lonje men l aparèy tise a

e men l kenbe l.

20 Li 31:20 Det 15:11lonje men l pòv yo

avèk sila ki gen bezwen an.

21 Lakay li pa krent pou lanèj,

paske tout lakay 31:21 II Sam 1:24 abiye an wouj.

22 Li 31:22 Pwov 7:16kouvèti pou tèt li;

tout vètman li se twal fen blan ak mov.

23 Mari li byen rekonèt 31:23 Det 16:18nan pòtay lavil yo,

l chita pami ansyen a peyi yo.

24 Li 31:24 Jij 14:12vètman an len pou vann yo,

e founi sentiwon a tout komèsan yo.

25 Fòs ak 31:25 I Tim 2:9-10respè se abiman li

e li souri a lavni.

26 Li 31:26 Pwov 10:31ouvri bouch li avèk sajès

e enstriksyon ladousè sou lang li.

27 Li gade byen tout afè lakay li

e li pa manje 31:27 Pwov 15:19pen laparès.

28 Pitit li yo leve e beni li;

mari li tou ba li gwo lwanj pou di l:

29 "Anpil fi te byen bon;

men ou pi bon anpil pase yo tout."

30 Chàm konn twonpe e bèlte konn vanite;

men se fanm nan ki 31:30 Sòm 112:1krent SENYÈ a

k ap resevwa lwanj.

31 Ba li sa ke men l te pwodwi,

epi kite zèv li yo lwanj li nan pòtay yo.

Veja também

Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-07-05_19-25-13-