Publicidade

O marido

Por Bíblia Online

A Bíblia define o papel do marido com clareza: amar a esposa como Cristo amou a Igreja, ser fiel, protetor e líder servo no lar.

Amar como Cristo amou

Maridos, amai vossas mulheres como Cristo amou a Igreja e se entregou por ela. O amor do marido deve ser sacrificial e incondicional.

Mari, renmen madanm nou, jan Kris osi te renmen legliz la, e te bay tèt Li pou Li,

Donk, mari yo dwe osi renmen pwòp madanm yo kon pwòp yo. Sila ki renmen madanm li renmen pwòp tèt li.

Donk, mari yo dwe osi renmen pwòp madanm yo kon pwòp yo. Sila ki renmen madanm li renmen pwòp tèt li. Paske pèsòn pa t janm rayi pwòp chè li, men nouri li e pran swen de li, menm jan ke Kris osi pou legliz la.

Sepandan, se pou chak moun pami nou renmen madanm li kon pwòp tèt li, e madanm lan dwe respekte mari li.

Pou sa, mete akote sa ki fo, e "pale verite a, nou chak avèk vwazen nou", paske nou se manm a youn lòt. "fache, e malgre sa pa peche"; pa kite solèy la kouche pandan nou fache a, epi pa bay Dyab la opòtinite. Sila ki vòlè a pa dwe vòlè ankò, men pito, fòk li travay, pou avèk pwòp men li sa ki bon, pou li kapab gen yon bagay pou pataje avèk sila ki gen bezwen yo. Pa kite okenn vye mo sal sòti nan bouch nou, men sèlman kalite mo ki bon pou edifikasyon selon bezwen moman an, pou li kapab bay gras a sila ki tande l yo. Pa atriste Lespri Sen Bondye ki te sele nou pou jou redanmsyon an. Ke tout rankin nan , san wo, kòlè, zen, ak kout lang vin retire pami nou, ansanm ak tout malveyans. Sèvi dousè a youn lòt, avèk bon , k ap padone youn lòt jis jan ke Bondye nan Kris la te osi padone nou an.

Mari yo, renmen madanm nou e pa vin fache kont yo.

Madanm yo, se pou nou soumèt a mari nou, jan sa pwòp a Senyè a.

Mari yo, renmen madanm nou e pa vin fache kont yo.

Anplis de tout bagay sa yo, mete sou nou lanmou, ki se bon kòl pou konplete inite a.

Fidelidade conjugal

O casamento é honroso e o leito conjugal é santo. O marido deve ser fiel à esposa da sua juventude em pensamento e ação.

Maryaj dwe kenbe ak gwo respè pami tout moun, e kabann maryaj la dwe rete san souye; paske Bondye ap jije fònikatè ak adiltè yo.

Bwè dlo nan pwòp sitèn pa ou e dlo fre nan pwi pa ou.

Èske sous ou yo dwe dispèse nan peyi etranje,

kòn vwa dlo k ap kouri nan lari yo?

Kite yo pou ou sèl, e pa pou etranje yo avèk ou yo.

Kite fontèn dlo ou a rete beni,

e rejwi ou nan madanm a jenès ou a.

Tankou yon sèf amourez ak yon bich elegan,

kite tete li yo satisfè ou tout tan.

Rete debòde nèt ak lanmou li.

Paske poukisa fis mwen an,

ou ta dwe renmen ak yon fanm adiltè,

e anbrase lestonmak a yon etranje?

men Mwen di nou ke nenpòt moun ki gade yon fanm avèk lanvi pou li, gen tan adiltè avèk li deja nan l.

Men Mwen di nou ke nenpòt moun ki voye madanm li ale, sof pou enfidelite, l komèt adiltè, e nenpòt moun ki marye avèk yon fanm divòse adiltè.

Konsa, se pa de yo ye ankò, men yon sèl chè. Sa ke Bondye mete ansanm, pa kite okenn moun separe l."

Mari a dwe akonpli devwa li anvè madanm li, e menm jan an tou, madanm lan anvè mari li. Madanm nan pa gen otorite sou pwòp li, men se pou mari a, e menm jan an mari a pa gen otorite sou pwòp li, men se pou madanm nan.

Sispann refize youn lòt, eksepte pa akò pou yon ti tan, pou nou kapab konsakre nou nan lapriyè, e retounen ansanm ankò pou Satan pa tante nou akoz mank kontwòl tèt nou.

Men a sila ki marye yo, mwen bay lòd sa yo. Se pa mwen, men se Senyè a ki bay li, ke madanm nan pa dwe kite mari li Men si li kite li, li dwe rete san marye, oswa rekonsilye avèk mari li. Ni mari a pa dwe divòse avèk madanm li.

Men a lòt yo se mwen menm ki di l, se pa Senyè a, ke si yon frè gen yon madanm ki se yon enkwayan, e li dakò viv avèk li, fòk li pa divòse avèk li.

Kouri kite imoralite. Tout lòt peche ke yon moun se deyò a, men moun imoral la peche kont pwòp l.

Convivência com sabedoria

O marido sábio vive com a esposa com entendimento, dando-lhe honra como co-herdeira da graça. A união conjugal reflete Cristo e a Igreja.

Nou menm, mari yo, menm jan an, viv avèk madanm nou avèk sajès, kòmsi avèk yon veso ki pi fèb. Ba li onè tankou yon moun ki pataje gras lavi a, pouke priyè nou yo pa bloke.

"Pou rezon sila a, yon nonm va kite papa li avèk manman li, pou vin jwenn avèk madanm li, epi yo va vin tounen yon sèl chè."

Pa anyen nan egoyis oubyen ak vye dezi vanite, men avèk refleksyon ki enb gade youn lòt kòm pi enpòtan ke nou menm. Pa sèlman chèche pwòp enterè pèsonèl pa nou, men osi enterè a lòt yo.

rejwisans lavi ou ak fanm ke ou renmen pandan tout jou kout lavi ou ke Li te bay ou anba solèy la. Paske sa se rekonpans ou nan lavi ak nan travay di ou konn anba solèy la.

Sila ki jwenn yon madanm, jwenn yon bon bagay,

e twouve favè SENYÈ a.

Veye pou pèsòn pa rann youn lòt mal pou mal, men toujou chache sa ki bon pou youn lòt e pou tout moun.

Si nou twouve li degoutan nan zye nou pou sèvi SENYÈ a, chwazi pou kont nou jodi a, kilès nou va sèvi; si se dye ke zansèt nou yo te konn sèvi lòtbò Rivyè a, oswa dye a Amoreyen yo, de peyi sila nou ap viv yo. Men pou mwen avèk lakay mwen, nou va sèvi SENYÈ a."

Pa mare ansanm avèk enkwayan yo; paske ki relasyon ki gen antre ladwati ak inikite, oswa ki rapò ki genyen antre limyè ak tenèb?

Lanmou pasyan, lanmou dous; li pa jalou. Lanmou pa vante tèt li e li pa awogan. Li pa aji malonètman, ni li pa chache pwòp enterè pa l. Li pa kòlè pa teni kont de mal li resevwa. Li pa rejwi nan lenjistis, men rejwi nan verite a. Li sipòte tout bagay, kwè tout bagay, espere tout bagay, andire tout bagay.

Seja o primeiro
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-07-05_19-25-13-