Publicidade

1 Reis 18

41 Alò, Élie te di a Achab: "Ale monte, manje e bwè; paske gen gwo bwi lapli."

42 Konsa, Achab te monte pou manje e bwè. Men Élie te monte sou tèt Mòn Carmel; epi li te koube jenou li, apiye atè avèk figi li antre jenou li. 43 Li te di a sèvitè li: "Ale monte koulye a, gade bò kote lanmè a."

Konsa, li te monte gade, e te di: "Nanpwen anyen" epi li te di:

"Ale retounen" menm sèt fwa."

44 Li te vin rive nan setyèm fwa a ke li te di: "Vwala, yon grenn nwaj piti tankou men a yon moun ap monte soti kote lanmè a."

Epi li te di: "Ale monte, pale Achab pou di l: ‘fè cha ou a parèt e desann pou gwo lapli a pa rete ou.’"

45 Nan yon ti tan, syèl la te vin fènwa avèk nwaj ak van e te gen yon lapli fò. Epi Achab te monte pou te ale kote Jizréel.

Veja também

Publicidade
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-06-18_14-04-22-