1 Alò, Salomon te rasanble ansyen Israël yo avèk tout tèt a tribi yo, chèf a fanmi zansèt a fis Israël yo, kote Wa Salomon Jérusalem, pou mennen fè monte8:1 II Kwo 5:2-10lach akò SENYÈ a soti nan lavil David ki Sion an. 2 Tout mesye Israël yo te rasanble yo menm kote ak Wa Salomon nan 8:2 Lev 23:34fèt la nan mwa Éthanim nan, ki se setyèm mwa a. 3 Tout ansyen Israël yo te vini, e 8:3 Det 31:9prèt yo te leve pran lach la. 4 Yo te mennen fè monte lach SENYÈ a, 8:4 I Wa 3:4tant asanble a, avèk tout zouti sen ki te nan tant yo. Prèt yo avèk Levit yo te mennen fè yo monte. 5 Wa Salomon avèk tout kongregasyon Israël la, ki te rasanble vè li, 8:5 II Sam 6:13te avèk li devan lach la. Yo t ap fè sakrifis a yon tèlman gran kantite mouton avèk bèf ke yo pa t kab konte ni kontwole. 6 Prèt yo te mennen lach akò SENYÈ a 8:6 I Wa 6:19nan plas li. Yo te mete l nan sanktyè enteryè a kay la, nan plas ki sen pase tout lòt yo a, 8:6 I Wa 6:27anba zèl a cheriben yo. 7 Cheriben yo te lonje zèl pa yo anwo plas lach la e yo te sèvi kon yon kouvèti sou lach la avèk poto li yo soti anwo. 8 Men 8:8 Egz 25:13-15poto yo te tèlman long ke pwent poto yo te vizib sèlman soti nan lye sen an devan sanktyè enteryè a. Men yo pa t kab wè pa deyò; epi yo la jis rive jodi a. 9 8:9 Det 10:2-5Pa t gen anyen nan lach la sof ke de tablo wòch ke Moïse te mete la nan Horeb yo, kote SENYÈ a te fè yon akò avèk fis Israël yo, lè yo te sòti nan peyi Égypte la. 10 Li te fèt ke lè prèt yo te sòti nan lye sen an ke 8:10 Egz 40:34-35nwaj la te ranpli kay SENYÈ a, 11 jiskaske prèt yo pa t kab fè sèvis akoz nwaj la. Paske glwa SENYÈ a te ranpli kay SENYÈ a.
Publicidade