Publicidade

2 Coríntios 13

1 Sa se twazyèm fwa m ap vin kote nou. 13:1 Det 17:6"Chak sa ki fèt dwe konfime pa temwayaj a de oubyen twa temwen." 2 Mwen te di nou oparavan m te la nan dezyèm fwa a, e byenke m pa la koulye a, mwen di davans a sila yo ki te peche nan tan pase yo e a tout rès moun yo tou, ke si m vini ankò, mwen p ap 13:2 II Kor 1:23epagne pèsòn. 3 Paske se konsa nou ap chache prèv a Kris ki pale nan mwen an, e ki pa fèb anvè nou an, men 13:3 II Kor 9:8byen pwisan nan nou. 4 Paske malgre Li te 13:4 Fil 2:7krisifye akoz de feblès, deja Li vivan akoz de 13:4 I Kor 6:14pwisans Bondye a. Paske nou osi, nou fèb nan Li, malgre nou va viv avèk Li akoz de pwisans Bondye anvè nou.

5 prèv tèt nou pou si nou nan lafwa. 13:5 I Kor 11:28Egzamine tèt nou! Oubyen èske nou pa rekonèt sa nan ou menm, ke Jésus Kri nan nou-amwenske anfèt nou ta echwe nan tès la? 6 Men mwen gen konfyans ke ou va vin reyalize ke nou menm, nou pa echwe nan tès la.

7 Koulye a, n ap priye Bondye pou ou pa okenn mal; se pa pou nou kapab parèt kòmsi nou vin apwouve, men pou ou kapab sa ki bon, menmsi li sanble nou pa apwouve. 8 Paske nou pa kapab anyen kont verite a, men sèlman pou verite a. 9 Paske nou rejwi nou fèb e ou menm vin gen fòs. Se pou sa n ap priye; ke ou kapab 13:9 I Kor 1:10vin konplè. 10 Pou rezon sa a, mwen ap ekri bagay sa yo pandan mwen pa la a, jis pou m la, mwen p ap bezwen 13:10 Tit 1:3itilize severite mwen, selon otorite ke Senyè a te ban mwen pou bati e pa pou detwi.

11 Finalman, frè m yo, rejwi. Vin konplè, vin rekonfòte 13:11 Wo 12:16vin gen yon sèl panse. Viv nan lapè, epi Bondye lanmou ak lapè a va avèk nou. 12 13:12 Wo 16:16Salye youn lòt avèk yon beze ki sen.

13 13:13 Fil 4:22 Tout sen yo salye nou.

14 Ke lagras Senyè a Jésus Kri, lanmou Bondye a, ak 13:14 Fil 2:1dous kominyon Lespri Sen an, rete avèk nou tout. Amen.

Veja também

Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-07-05_19-25-13-