15 Epi li te di: "Koute, tout Juda avèk pèp Jérusalem nan ak Wa Josaphat: konsa pale SENYÈ a a nou menm: ‘Pa pè, ni pa pèdi kouraj akoz gran foul sila a, paske 20:15 I Sam 17:47batay la pa pou nou, men se pou Bondye li ye. 16 Demen, desann kont yo. Tande byen, yo va vin monte kote pant ti mòn Tsits lan, e nou va jwenn yo nan dènye pwent vale a devan dezè Jeruel la. 17 Nou pa bezwen goumen nan batay sila a. Pran pozisyon nou e 20:17 Egz 14:13kanpe gade delivrans SENYÈ a anfavè nou, O Juda, avèk Jérusalem. Pa pè, ni pa pèdi kouraj. Demen sòti pou parèt devan yo, paske SENYÈ a avèk nou.’"
Publicidade