1 9:1 I Wa 10:1-13 Alò, depi rèn Séba te tande afè rekonesans a Salomon an, li te vini Jérusalem pou fè pase Salomon a leprèv avèk kesyon ki te byen difisil. Li te gen yon gran konpanyen moun avèk chamo chaje avèk epis ak yon gran kantite lò, avèk pyè presye. Lè li te rive kote Salomon, li te pale avèk li selon tout sa ki te nan kè li. 2 Salomon te reponn tout kesyon li yo. Anyen pa t kache a Salomon ke li pa t eksplike li. 3 Lè rèn Séba te fin wè sajès a Salomon an, kay ke li te bati a, 4 manje sou tab li, aranjman pozisyon chèz sèvitè li yo, konpòtman avèk abiman ministè li yo, eskalye li a sou sila li te konn monte pou rive lakay SENYÈ a, sa te fè l pèdi souf.
5 Li te di a wa a: "Se te verite; rapò ke m te tande nan pwòp peyi mwen konsènan pawòl avèk sajès ou. 6 Sepandan, mwen pa t kwè rapò yo jiskaske m te rive, e zye m vin wè. Epi vwala, mwatye a grandè a sajès yo pa t pale mwen sa. Ou depase rapò ke m te tande a. 7 Jan mesye pa ou yo beni, jan sèvitè ou yo ki kanpe devan ou tout tan pou tande sajès ou yo beni! 8 Beniswa SENYÈ a, Bondye ou a, ki te pran plezi nan ou, e ki te mete ou sou twòn Li kòm wa pou SENYÈ a, Bondye ou a, 9:8 Det 7:8akoz Bondye ou a te renmen Israël, Li etabli yo jis pou tout tan. Pou sa, Li te fè ou wa sou yo, pou fè lajistis avèk ladwati."