1 5:1 II Sam 1:2-15 Alò, tout tribi Israël yo te vin kote David Hébron e te di: "Gade byen, nou se pwòp 5:1 II Sam 19:13zo ou ak chè ou. 2 Avan, lè Saül te wa sou nou, se te ou menm sèl ki te mennen Israël antre, sòti. Epi SENYÈ a te di ou: ‘Ou va bèje pèp Mwen an, Israël e ou va yon 5:2 I Sam 25:30chèf sou Israël.’" 3 Konsa, tout ansyen Israël yo te vin kote wa a Hébron e Wa David 5:3 II Sam 3:21te fè yon akò avèk yo devan SENYÈ a Hébron. Epi 5:3 I Sam 16:13yo te onksyone David wa sou Israël.