11 Mwen te wè syèl la ouvri, e vwala, yon cheval blan, e Sila ki te chita sou li a, rele 19:11 Rev 3:14Fidèl e Veritab. Avèk 19:11 Sòm 96:13ladwati Li jije e fè lagè.
12 19:12 Dan 10:6 Zye Li se flanm dife, e sou tèt li se anpil kouwòn. Li gen non yo ki ekri, ak yon non ekri sou Li ke pèsòn pa konnen, eksepte Li menm. 13 Li abiye avèk yon vètman ki tranpe nan san. Non Li rele a, se 19:13 Jn 1:1"Pawòl Bondye a".
14 Lame ki nan syèl yo, ki abiye an lèn fen 19:14 Rev 3:4blan, ki pi nèt, t ap swiv li sou cheval blan yo.
15 Nan bouch Li, te sòti yon nepe file. E avèk li, Li kapab frape nasyon yo. Li va 19:15 Sòm 2:9gouvène yo avèk yon baton an fè. Li va foule pèz diven ak gwo kòlè Bondye Toupwisan an. 16 Epi sou vètman Li ak kwis Li, Li gen yon non ki ekri: 19:16 Rev 17:14"WA DÈ WA E SENYÈ DÈ SENYÈ."