Publicidade

Eclesiastes 12

1 Anplis, sonje Kreyatè ou a nan jou jenès ou yo,

avan move jou yo rive e ane yo pwoche ou va di:

"Mwen pa pran plezi nan yo;"

2 Avan solèy la ak limyè a, lalin nan ak zetwal yo vin tounwa,

e nwaj yo retounen apre lapli yo;

3 nan jou ke gadyen kay la tranble a,

e mesye pwisan yo vin koube a.

sa yo k ap moule a rete san travay

akoz anpil nan yo ki manke,

e sila k ap gade nan fenèt yo vin mal pou .

4 pòt lari yo vin fèmen akoz bri moulen an vin ba,

e yon moun va leve ak son zwazo a,

epi tout fi chanson yo va rete ba.

5 Anplis mesye yo va vin yon wo plas

ak gwo danje k ap vini a.

pye zanmann nan fleri, krikèt volan rale l olon wout la,

e dezi gason an pa ka.

Paske lòm nan ap prale nan kay etènèl li a,

pandan sila k ap dèy yo vire toupatou nan wout la.

6 Sonje Li avan kòd ajan an kase,

e bòl an a kraze kivèt dlo la kote pwi a vin fann,

e wou sitèn nan vin kraze.

7 Paske konsa pousyè la va retounen nan a jan li te ye a,

e lespri a va retounen kote Bondye ki te bay li a.

8 "Vanite sou vanite", predikatè a di: "tout se vanite!"

9 Anplis akoz li te yon nonm saj, predikatè a te enstwi pèp la ak konesans. Wi, li te reflechi, chache twouve, e te aranje anpil pwovèb. 10 Predikatè a te chache jwenn bèl pou ekri pawòl verite yo byen kòrèk. 11 Pawòl a moun saj yo tankou pwent pike bèt yo ye; tankou klou ki kloure nèt, se konsa ansanm a pawòl sila yo ye. Se yon sèl Bèje ki bay yo tout.

12 Men anplis ke sa, fis mwen, veye byen: ekri anpil liv se yon bagay san rete, e anpil devosyon a liv yo va fatige ou. 13 Konklizyon tout bagay fin tande se: Gen lakrent Bondye e kenbe kòmandman li yo, akoz se sa ki aplike a tout moun. 14 Paske Bondye va pote tout zèv nan jijman; tout sa ki kache, kit li bon kit li mal.

Veja também

Publicidade
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-06-29_22-07-56-